Patisipasyon kominote a
Komisyon pou Preparasyon nan ka dezas ak Repons pou Moun ki andikape
Jou 29 oktòb 2007, founisè sèvis lokal, konsomatè ak defansè ki reprezante kominote moun ki andikape yo te reyini pou analize preparasyon pou dezas ak aktivite retablisman andedan Konte Broward la. Objektif antrepriz sa a se pou idantifye fòs, feblès ak aksyon nou bezwen fè pou konsevwa yon plan daksyon lokal pou amelyore repons komin nan ka yon dezas, lè sityayson sa yo vin enpakte moun ki andikape yo.
Yo te òganize yon reyinyon apre sa jou 5 fevriye 2008. Pandan diskisyon ki òganize sa yo, manm komisyon an te idantifye de (2) tèm prensipal pou plan travay yo :
- amelyorasyon kominikasyon yo
- plis kolaborasyon ant founisè sèvis yo ak moun ki andikape
Pou patisipe nan komisyon sa a, rele Depatman Sèvis Imen Konte Broward nan 954-357-5825.
Pou konsilte travo komisyon sa a, klike sou rapò reyinyon an ki anba a.
- Rapò kout pou Sesyon travay osijè moun ki andikape - 29 oktòb 2007
- Rapò kout pou Sesyon travay osijè moun ki andikape - 5 fevriye 2008

