Moun ki andikape yo

Li trè enpòtan pou rezidan ki andikape pou yo pare anvan yon sityasyon ijans rive. Yon moun ki andikape nan pibon pozisyon pou konnen sa yo kapab fè ak sa yo bezwen anvan, pandan ak apre yon dezas. Plan dijans yo dwe adapte pou chak moun pèsonèlman. Anplis demach preparasyon yo deja endika lòt kote sou sit Wèb sa a ak sou www.broward.org/hurricane, moun ki andikape yo gen dwa bezwen pran lòt dispozisyon tou pou ogmante otonomi e asire sekirite yo.
Andikap sansoryèl yo
Moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pou wè, ki gen ladan moun ki avèg nèt ale oswa ki pa tande ditou.
- Lè w ap chèche jwenn enfòmasyon konsènan preparasyon pou ijans ak osijè repons otorite yo nan men gouvènman w, Lwa konsènan Ameriken ki Andikape (Americans with Disabilities Act -ADA), garanti dwa w pou mande enfòmasyon sa a sou lòt fòma (tankou Braille, bann odye, gwo lèt, elatriye). W ap petèt dwe tann yon ti tan pandan y ap pare dokiman sou fòma ou mande a.
- Chèche konnen si alam dife ki nan travay w oswa kote w abite vizyèl (limyè ki eklere tankou zeklè) e odib (pou moun tande yo, tankou yon sirèn).
- Reflechi si w ta dwe achte yon Radyo Lameteyo Nasyonal. Radyo a limen pou kont li e li emèt yon alam sonò (sirèn) lè Sèvis Lameteyo Nasyonal voye yon mesaj lè gen yon danje natirèl oswa yon katastwòf ki rive. Li kapab emèt tou yon alarm ki tanjou zèklè limyè e ou kapab konekte l ak lòt aparèy pou li sekwe yon zòreye oswa kabann w.
- Pran abònman pou resevwa Sistèm rapò Ijans grasa imèl Konte Broward la, ki voye enfòmasyon ijans grasa imèl.
- Si w evakye pou ale nan yon abi pilik, lejislasyon federal la pèmèt ou pote chen gid oswa bèt pou asistans w avèk ou nan abri a. Se w ki responsab pou swen bèt k ap akonpaye w pandan nou toulede rete nan abri a.
- Pandan yon ijans, y ap emèt konferans de près Konte Broward ki òganize nan Sant Operasyon Ijans nan televizyon avèk enèpretasyon nan langaj siy.
- Pran yon radyo ki mache ak pil pou pèmèt ou kapte estasyon radyo ofisyèl Konte Broward la, 610 AM WIOD pou resevwa enfòmasyon ijans ki aktyèl, ki gen ladan tou konferans de près yo.
Atik espesyal pou Lis Pakè bagay w ap bezwen lè ou nan abri :
- lòt mwayen kominikasyon, tankou tablo pou ekri avèk baton lakrè oswa tablo pou ekri avèk estilo, kreyon oubyne makè (fet)
- plis pil pou tep rikòdè, telepwonptè pòtab (TTY pou malantandan), elatriye.
- yon lòt pè linèt fonse, si sa nesesè medikalman
- kann pou deplase w ki pliyab
- manje, medikaman ak jwèt pou bèt w
- sak plastik, gan jetab ak lòt atik pou okipe bèt asistans w
Andikap ki anpeche moun deplase
Moun ki pa kapab sèvi anpil oswa ki pa sèvi ditou avèk pye oswa janm yo, ki anjeneral deplase nan chèz woulant, nan skoutè, anbilatè, kann oswa lòt aparèy pou ede yo ale vini.
- Si w ap fè plan pou jwenn refij nan yon abri piblik, gade byen pou wè si abri a aksesib selon nòm ADA yo.
- Chèche wè si w ta dwe achte yon ti sak pou mete bagay esansyèl w ou ta kapab tache sou chèz woulant w oswa sou anbilatè w.
- Fè rechèch pou jwenn tout opsyon ki genyen pou nouvo aparèy ki leje ki kapab asiste w transpòte yon moun ki andikape pou fè l desann yon eskalye oswa pou ede l sòti nan yon bilding. Men sepandan fè atansyon : aparèy sa yo mande pou moun aprann sèvi avèk yo e yo pa kapab ranplase yon chèz woulant.
Atik espesyal pou Lis Pakè bagay w ap bezwen lè ou nan abri :
- yon pè gwo gan pou mete lè w ap pouse wou chèz woulant lan oswa pou deplase sou mòso vè ak debri
- plis pil pou chèz woulant ki mache avèk motè oswa pou skoutè w
- kab demaraj oswa pou rechaje aparèy yo kapab konekte nan yon alim-sigarèt ki andedan yon oto
- yon twous pou bouche twou oswa yon kanèt "pwodui pou kenbe lè a andedan" (seal-in-air-product) pou repare kawoutchou plat yo
- yon lòt kann oswa anbilatè
- manje, medikaman ak jwèt pou bèt w
- sak plastik, gan jetab ak lòt atik pou okipe bèt asistans w
Andikap nan devlòpman oswa andikap koyitif
Moun ki gen pwoblèm ki gen dwa fè li difisil pou yo tande, reflechi, pale, li, ekri, fè matematik oswa swiv entriksyon.
- Fè yon plan evakyasyon ki senp e mete kopi plan an nan divès andwa pou w kapab jwenn yon fasilman.
- Pran wout evakyasyon w depi lakay w ak depi travay w jiskaske ou vin konnen wout la byen.
- Sityasyon dezas ogmante estrès e petèt ke kapasite w pou sipòte pwoblèm sa yo kapab redui poutèt sa. Eseye jwenn fason pou eksprime estrès w e jwenn solisyon kreyatif pou pwoblèm yo.
Atik espesyal pou Lis Pakè bagay w ap bezwen lè ou nan abri :
- Lòt sous enèji oswa plis pil pou aparèy w ki ede w kominike
- Papye ak bagay pou ekri
- Yon atik ou renmen anpil (yon ti je videyo oswa yon liv) pou ede w kenbe konsantrasyon w pandan w ap fè lake

