Preparasyon Rezidan ki vilnerab
Preparasyon Rezidan ki vilnerab
Pano Preparasyon pou Siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Paj dakèy Chèche yon Òganizasyon Gid Siklòn de A jiska Z Chwazi lang ou
ikòn ki fasil pou enprime vèsyon ki fasil pou enprime
Vag
Pa valab
Pa valab
                   

Granmoun ki gen laj

Granmoun ki gen laj

Rezidan ki gen anpil laj espesyalman vilnerab nan ka yon sityasyon ijans. Anplis demach preparasyon nòmal yo, rezidan ki gen anpil laj ta dwe fè lòt demach toujou pou asire sekirite ak konfò yo pandan ak apre yon loraj oswa yon lòt evènman dezas. Petèt l ap nesesè pou yon manm fanmi w oswa moun ki swen w vin ede w. Plan dijans yo dwe adapte pou chak moun pèsonèlman.

  • Swiv Plan an senk etap la pou preparasyon rezidan ki vilnerab yo.
  • Tcheke pou konnen kijan yon manm nan fanmiw, yon zanmi oswa yon vwazen ye apre yon evènman dezas fin rive. Si sa posib, remèt yon lòt moun yon kle kay w.
  • Montre moun ki ta ka bezwen ba w asistans nan yon sityasyon ijans kijan pou fè fonksyone kèlkeswa ekipman ki nesesè yo. Oubyen, preprare enstriksyon alekri ki senp pou swiv.
  • Fè yon plan pou bay manm fanmi w ki andeyò lavil la nouvèl w anvan ak apre loraj la.
  • Fè yon plan pou avèti moun si ou bezwen asistans.
  • Prepare yon lis nimewo enpòtan moun ou ta bezwen kontakte pandan yon sityasyon ijans. Kenbe l bò kot telefòn w, ansanm ak yon kopi Rezo Sipò Peèsonèl w ak Kat Enfòmasyon Pèsonèl w, ki pral itil pou tout moun ki ta ka bebzwen ba w asistans.

Anplis atik ki dekri nan Lis Verifikasyon Pakè lè gen Siklòn la, ou gen dwa bezwen lòt atik toujou pou kapab konfòtab, tankou :

  • yon lòt pè linèt
  • plis pil pou aparèy pou malantandan
  • yon batri elektrik pou chèz woulant oswa lòt ekipman medikal ki fonksyone avèk batri

Konsèy pou moun k ap okipe malad

Pandan jou ki presede yon siklòn oswa lòt kalite ijans, moun ki swen pasyan yo kapab vin separe ak malad yo konn okipe a. Manm fanmi yo oswa lòt moun oubyen òganizasyon kapab dwe ranplase moun sa a. Moun ki swen malad yo kapab fasilite pwosesis sa a lè yo founi enfòmasyon konplè sou bezwen rezidan ki gen anpil laj yo.

  • Pare yon deskripsyon alekri ki detaye konsènan kalite swen moun lan abitye resevwa.
  • Mete enfòmasyon espesifik osijè apwovizyònman espesyal granmoun lan gen dwa bezwen, tankou medikaman, rad anplis ak pwodui ijyèn pèsonèl ak pou yo pa fè pipi sou yo (enkontinans).
  • Ekri yon deskripsyon èdtan apre èdtan yon jounen 24è nòmal, san bliye bagay sa yo :
    • Kijan moun lan konn pase tan li, ak sa li bezwen pandan tout jounen an.
    • Anplasman ekipman ak apwovizyònman ki nesesè pou satisfè bezwen sa yo.
    • Enfòmasyon osijè abitid dòmi granmoun lan ak sa li renmen manje.
  • Ekri konsèy pou ede moun lan redui estrès li e rete kalm.
    • Èske sa ede l lè moun pale avèk li oswa lè yo chante pou li ? Èske gen yon istwa oswa yon chanson espesyal li ta renmen tande ?
    • Ki atik konn bay li konfò (kouvèti, pelich, elatriye) ?
    • Ki kote mwen kapab jwenn yo ?
    • Kilè yo dwe bay granmoun lan medikaman li pou fè l vin kalm ?
    • Avèk kimoun granmoun lan pi alèz, si yo pa kapab kontakte w ?
    • Kijan nou kapab kontekte moun sa a ?
  • Bay non yon lòt moun ki ta kapab swen granmoun lan, sizoka ou pa disponib oubyen ou pakapab bay swen pandan lontan.

Pataje yon kopi enfòmasyon sa a avèk fanmi moun lan, vwazen oswa zanmi li. Kite yon kopi nan men rezidan granmoun lan pou l mete l nan menm kote ak Kat Enfòmasyon Pèsonèl li an.

Pa valab
Pa valab