Preparasyon dijans pou Rezidan ki vilnerab
Anvan pou yon ijans prèt pou rive, tout rezidan Konte Broward yo ta dwe genyen yon plan anplas ki kapab asire sekirite yo. Tout rezidan yo ta dwe pare sizoka sèvis debaz yo tankou dlo, gaz, elektrisite oswa telefòn ta vin sispann pandan yon peryòd ki long. Gouvènman lokal ak travayè imanitè yo ta dwe konnen si oumenm oswa yon manm nan fanmi w vilnerab pandan yon ijans.
Gen anpil resous sou sit Wèb sa ak nan kominote w pou asiste w. Si w pa kapab pare yon plan dijans pou w, mande yon manm fanmi w oswa yo zanmi pou ede w. Anvan yon ijans lameteyo oswa kèlkeswa lòt kalite dezas ki rive, ou ta dwe konnen sa w bezwen fè ak ki kote w bezwen ale pou w kapab "Prè. Enstale. Ansekirite". Swiv plan senp sa ki konpòte senk etap.
|
Konte Broward - Angaje l pou founi moun ki andikape enfòmasyon ak sèvis nan ka dijans. |
- Kolekte enfòmasyon
- Enskri w alavans pou sèvis enpòtan yo
- Fè aranjman pou bèt yo
- Pare dokiman enpòtan yo
- Pare ekipman ak kolekte ravitayman
- Chèche jwenn konsèy pou preparasyon ak repons nan men gouvènman lokal, Eta a akfederal ansnam ak nan men òganizasyon kominotè yo. Chèche konnen ki plan dijans anplas nan kominote ak nan lye travay w, epi mande founisè sèvis w yo tou. Gade si plan sa yo pran an kont bezwen espesyal w yo. Vizit www.broward.org/hurricane pou enfòmasyon jeneral osijè preparasyon nan men Konte Broward la.
- Pale ak doktè w oswa founisè sante w konsènan yon plan ki reyalis pou asire sekirite w. Konnen sa ou kapab fè ak sa ou pa kapab fè.
- Si w fè tretman woutin yo ba w nan kabinè yon doktè, yon klinik oswa yon lopital (tankopu dyaliz), si w se yon kliyan swen sante lakay oswa ou bezwen apwovizyonman ann oksijèn, rele founisè sèvis w pou kapab diskite osijè plan yo pou kontinye founi sèvis ba w nan ka dijans.
Enskri alavans pou Sèvis Enpòtan
- Enskri oprè Konte Broward Rejis sou Popilasyon ki vilnerab. Rejis sa a pèmèt moun ki andikape, frajil oswa ki gen pwoblèm sante enskri alavans oprè vil yo pou travayè ijans yo kapab planifye yon repons ki miyò pou rezidan vilnerab yo nan kad pwojè reskous apre yon siklòn oswa yon lòt ka dijans. Chak vil kapab sèvi ak lis Rejis Popilasyon ki vilnerab la nan yon fason ki diferan, pou asiste travay reskous vil yo. Si w bezwen plis enfòmasyon oswa pou kapab enskri, rele nan 954-831-4000.
- Konsidere opsyon abri ou genyen yo e chwazi yon plan abri ki konvnab pou w. Ou ta dwe gen yon plan, menmsi plan w se pou refijye w lakay w. Ou pa bezwen enskri alavans pou abri yo; sepandan, si w vle ale nan yon Abri pou Moun ki gen Bezwen Medikal Espesyal, nou ankouraje moun enskri alavans pou asire yo ke abri a byen pare pou satisfè bezwen yo. Si w enskri alavans, ou pa blije ale nan yopn abri pandan yon ijans. Ou gen dwa chanje lide w san preyavi si w deside fè lòt plan.
- Enskri alavans pou transpò nan abri, si w panse ou ta kapab bezwen li. Menmjan pou enskripsyon pou otobis ki adapte, ou pa blije itilize sèvis saa a si ou chanje lide. Pou kapab anrejistre alavans, rele nan Divizyon Konte Broward pou Granmoun ak Ansyen Militè nan 954-537-2888 (Malantandan (TTY) rele nan 954-537-2882).
- Si w gen yon bèt pou asistans, asire w bèt la gen yon kolye avèk idantifikasyon li. Nan pakè pou lè ou nan abri, fòk ou mete prèv bèt la te pran tout rapèl vaksen li yo, ansanm ak yon kopi enstriksyon pou swen bèt w bezwen. Ou responsab pou okipe bèt asistans w pandan w ap rete nan abri a.
- Fè lòt plan pou kèlkeswa bèt ou ta kapab genyen, poutèt bèt ki pa bèt asistans pa gen dwa rete nan abri yo.
- Si w ta renmen rete nan yon abri pou Swen de Mas, Konte Broward gen yon abri Swen de Mas ki sitye nan Millenium Middle School nan Tamarac. Li obligatwa pou anrejistre bèt yo alavans, e pwopriyetè yo fèt pou rete avèk bèt yo e pou swen yo yomenm.
- Si w vle rete nan yon abri pou Swen Medikal Espesyal, rele Divizyon Sèvis Granmoun ak Ansyen Militè alavans nan 954-537-2888 (Malantandan TTY 954-537-2882) e yo pral ede w fè plan pou swen bèt w.
- Fè yon lis Rezo Sipò Pèsonèl w - moun ou fè konfyans ki te deja ede w anvan, pandan ak apre yon sityasyon ijans. Dokimante enfòmasyon pou kontakte moun (nimewo lakay, nan travay ak selilè) pou chak moun ki sou lis la, ki gen ladann manm fanmi, zanmi, kolèg ak vwazen. Moun ki liste nan Rezo Sipò Pèsonèl w ta dwen konnen byen kapasite ak limitasyon fonksyonèl w yo.
- Kreye yon Kat Enfòmasyon Pèsonèl ki gen ladann tout enfòmasyon sante w (doktè, nimewo polis dasirans, preferans lopital w, medikaman w ap pran koulye a, eta sante w, elatriye). Idantifye bezwen w ki an rapò avèk andikap w oswa bezwen medikal espesyal w.
Prepare ekipman an ak kolekte apwovizyònman yo
- Plase etikèt idantifikasyon sou kèlkeswa ekipman sipò medikal ou ta renmen pote avèk w nan abri a, tankou chèz woulant, anbilatè ak atomizè yo.
- Kolekte apwovizyònman pou ka ijans w yo bonè. Apwovizyònman w (bagay w ap bezwen yo) pral varye, selon si w chwazi ale nan yon abri oswa rete lakay w. Konte Broward te kreye yon gid acha ki pratik ki kapab ede w etale depans pou achte apwovizyònman ijans sou wit semèn. Konsilte e enprime gid la nan Angle, Panyòl, oswa Kreyòl.
- Kenbe ase medikaman sou preskripsyon ak san preskripsyon bò kote w, sitou pandan sezon siklòn lan, ki depi 1ye jen rive 30 novanm.
|
N ap travay pou fè Preparasyon ijans kominotè ak Pwogram repons vin aksesib pou moun ki andikape Kominikasyon
Evakyasyon ak Transpò
Ebèjman
|

