Preparasyon Rezidan ki vilnerab
Preparasyon Rezidan ki vilnerab
Pano Preparasyon pou Siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Paj dakèy Chèche yon Òganizasyon Gid Siklòn de A jiska Z Chwazi lang ou
ikòn ki fasil pou enprime vèsyon ki fasil pou enprime
Vag
Pa valab
Pa valab

Enfòmasyon sou abri yo

Sizoka ta gen yon siklòn oswa yon lòt kalite ijans, na mande pou sèten rezidan evakye e kite kay yo. Sa kapab difisil espesyalman pou rezidan ki andikape, ki gen bezwen medikal espesyal oswa ki vilnerab pandan yon ijans. Jan sa posib, abri yo founi rezidan yo yon andwa ki san danje ak asistans debaz pou ede yo sipòte sityayson dijans lan. Rezidan kid we evakye kay yo gen divès opsyon yo ta dwe konsidere.

Premye opsyon - Rete avèk fanmi w oswa zanmi w andeyò Zòn evakyasyon an

Si w dwe evakye pou kite lakay w, swa paske ou abite nan yon zòn evakyasyon, oubyen ou abite nan yon kay mobil (sizoka ta gen yon gwo loraj oswa yon siklòn), oswa ou pa santi w ansekirite lakay w, sa ou ta dwe chwazi anpremye se pou rete avèk fanmi w oswa fanmiw nan yon kote ki andeyò zòn evakyasyon an. Se la a w ap pi alèz.

Dezyèm opsyon - Rete nan yon abri Swen de Mas (Mass Care)

Abri Swen de Mas Kwa-Wouj Ameriken yo founi tout moun yon nivo swen debaz. Ou pa bezwen enskri alavans. Si w gen yon pwoblèm sante ou trete pou kont w oswa yon andikap, w ap pi alèz nan yon abri Swen de Mas (Mass Care). Lè w rive nan abri a, pa bliye di anplwaye yo ki sa ou bezwen. Si w bezwen asistans pou transfè, entèpretasyon avèk langaj siy ak lòt èd oksilyè, oubyen si w gen bezwen yon zòn kote ba gen bri akòz yon andikap koyitif oswa bezwen sante mantal, rele nan 954-831-4000 oswa 954-831-3940 pou malantandan (TTY) pou kapab resevwa enfòmasyon ki pi resan yo.

Twazyèm opsyon - Rete nan yon abri pou Bezwen Medikal Espesyal

Si w gen yon pwoblèm sante ki mande anpil swen pase sa yo founi nan yon abri Swen de Mas (Mass Care), men ou pa bezwen dòmi lopital, li ta pibon pouw pou e rete nan yon Abri pou Bezwen Medikal Espesyal pou w pi konfòtab. Abri sa yo ofri asistans ak siveaysn medikal debaz. Abri sa yo gen anplwaye medikal ki konpetan e yo gen dèlko pou founi yon ti ekleraj ak ekipman medikal ki esansyèl. Nou ankouraje manm fanmi ak moun ki okipe malad yo pou yo akonpaye rezidan ki gen bezwen medikal espesyal. Nou ankouraje moun enskri alavans pou fasilite planifikasyon an repons otorite yo, men sa pa obligatwa. Rele Divizyon Sèvis Granmoun ak Ansyen Militè nan Konte Broward nan 954-537-2888 (Malatandan TTY 954-537-2882).

Katriyèm Opsyon - Rete nan yon lopital oswa nan yon lòt etablisman medikal

Si eta sante w pi grav pase nivo swen yo founi nan Abri pou Swen Medikal Espesyal yo e/oswa ou bezwen dòmi lopital pou jwenn swen yo ba w dirèkteman, nou konseye w pou w travay avèk doktè w oswa founisè sante w pou fè plan pou jwenn yon abri ki pibon pou w an, sa ki kapab vle di w ap dwe ale nan yon lopital oswa nan yon lòt etablisman medikal.

Pa valab
Pa valab