Preparasyon Rezidan ki vilnerab
Preparasyon Rezidan ki vilnerab
Pano Preparasyon pou Siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Paj dakèy Chèche yon Òganizasyon Gid Siklòn de A jiska Z Chwazi lang ou
ikòn ki fasil pou enprime vèsyon ki fasil pou enprime
Vag
Pa valab
Pa valab
                   

Abri pou Swen Medikal Espesyal

moun ki gen laj (granmoun), chèz woulant, dyabetik

Abri pou Bezwen Medikal Espesyal

Si w gen yon pwoblèm sante ki mande anpil swen pase sa yo founi nan yon abri Swen de Mas (Mass Care), men ou pa bezwen dòmi lopital oswa nan yon etablisman medikal, li t ap pibon si w t ale nan yon Abri pou Bezwen Medikal Espesyal. Abri sa yo ofri asistans ak siveaysn medikal debaz. Abri sa yo gen anplwaye medikal ki konpetan e yo gen dèlko pou founi yon ti ekleraj ak ekipman medikal ki esansyèl. Nou ankouraje manm fanmi ak moun ki okipe malad yo pou yo akonpaye rezidan ki gen bezwen medikal espesyal. Nou ankouraje enskripsyon alavans men li pa nesesè. Yo aksepte enskripsyon alavans pou Abri pou Bezwen Medikal Espesyal la pandan tout lane a, e menmsi sa pa obligatwa, yo ankouraje tout moun asire yo ke abri a pare kòrèkteman ak tout bagay yo ta kapab bezwen.

Si w gen kesyon ou ta renmen pozeoswa si w vle enskri pou o aksepte w nan yon Abri pou Bezwen Medikal Espesyal, rele Divizyon Granmoun ak Ansyen Militè Konte Broward nan 954-537-2888 (Malantandan TTY 954-537-2882).

Osijè pwogram la :
Angle -- PDF (306 KB)  /  Panyòl -- PDF (148 KB)  /  Kreyòl -- PDF (348 KB)

Enstriksyon sou kijan pou aplike :
Angle -- PDF (120 KB)  /  Panyòl -- PDF (125 KB)  /  Kreyòl -- PDF (107 KB)

Aplikasyon pou asistans transpò evakyasyon :
Angle -- PDF (34 KB)  /  Panyòl -- PDF (451 KB)  /  Kreyòl -- PDF (324 KB)

Kisa pou w pote avèk w :
Angle -- PDF (498 KB)  /  Panyòl -- PDF (960 KB)  /  Kreyòl -- PDF (540 KB)

Abri pou Bezwen Medikal Espesyal konvnab pou moun ki :

flèch

gen pwoblèm sante/medikal ki pa grav ki mande pou yo plase l anba obsèvasyon, evalyasyon ak antretyen pwofesyonèl

flèch mande asistans avèk swen pèsonalize ak/oswa asistans avèk medikaman men pasyan an pa bezwen dòmi lopital oswa nan yon etablisman medikal
flèch bezwen asistans pou pran medikaman l e/oswa pou li siy vital li e li pa kapab fè l pou kont li san asistans yon pwofesyonèl lasante.
flèch Y ap egzamine aplikasyon chak rezidan k ap chèche refij nan yon etablisman pou Bezwen Medikal Espesyal pou detèmine kilès plasman ki ta pibon pou yo.

Y ap aksept fè chanjman rezonab pou rezidan abri yo ki andikape, konfòmeman ak Lwa pou Ameriken ki Andikape (Americans with Disabilities Act - ADA). Si w bezwen asistans pou transfè, entèpretasyon avèk langaj siy ak lòt èd oksilyè, oubyen si w gen bezwen yon zòn kote ba gen bri akòz yon andikap koyitif oswa bezwen sante mantal, rele nan 954-537-2888 oswa 954-537-2882 pou malantandan (TTY) pou kapab resevwa enfòmasyon ki pi resan yo. Manmjan ak pou tout enstalasyon piblik yo, nou swete rezidan ki gen bèt pou asistans k ap akonpaye yo labyenvni nan tout abri yo.

Nou ankouraje rezidan yo vini avèk moun k ap okipe yo oubyen manm fanmi yo nan tout enstalasyon abri yo.

Kisa pou w Pote nan yon Abri pou Swen Medikal Espesyal

PA EZITE pote kèlkeswa oswa tout atik sila yo ki konsène w...

  • Yon lis medikaman w ap pran alèkile ak omwen yon rezèv medikaman pou 7 jou
  • Dokiman konsènan enfòmasyon medikal espesifik (ki gen ladann enfòmasyon pou kontakte moun)
  • Ekipman medikal
    • Rezèv oksijèn
    • Atomizatè
    • Rezèv pou netwaye plè (blesi)
    • Rezèv founiti pou moun ki estomize (ki pa gen vesi oswa yo gte koupe yon mòso nan trip yo)
    • Founiti pou katetè
    • Kann/Chèz woulant/ekipman pou leve moun lan
    • Batri, chajè oswa twous pou repare chèz woulant elektrik yo
    • Materyèl pou dyabetik
      • Kontè/bann/lansèt pou glikòz
      • Ensilin/zegwi
      • Lòt materyèl pou ensilin
  • Pwodui alimantè ki pa perisab
    • Pwodui alimantè espesyal, si sa nesesè
    • Sirèt oswa lòt bonbon (abri yo ap bay manje)
  • Ekipman elektwonik
    • Flach elektrik
    • Radyo
    • Plizyè pil
    • Selilè ak chajè
  • Swen pèsonèl
  • Founiti pou moun ki enkontinan (difisil pou kenbe pipi andedan vesi a)
    • Rad
      • Kilòt, soutyen ak kalson/Chosèt
      • Soulye (solid)
  • Atik pou ijyèn pèsonèl
    • Savon/chanpwen
    • Deyodoran
    • Pat dantifris/bwòs a dan
    • Bwòs/pèy
    • Sèvyèt pou fè twalèt
    • Sèvyèt pou seche w
  • Ekipman pou enstale pou dòmi
    • Matla ki gonfle ak lè oswa kabann pliyab pou moun ka p swen w oswa pou manm fanmi w (kliyan ki enskri ap resevwa kabann pliyab medikal)
    • Chèz jaden/chèz long/Sak kouchaj
    • Zòreye
    • Lèn
    • Dra
  • Papye enpòtan
  • Kat idantite ki endike adrès lakay w
  • Atik pou divètisman
    • Liv/Magazin
    • Jwèt/Kat/Je
    • Radyo ak pil/Lektè disk/ekoutè
  • Atik pou okipe tibebe
    • Preparasyon pou tibebe (fòmila)
    • Manje
    • Kouchèt
  • Twous Premye swen
    • Ekipman pèsonèl
    • Linèt
    • Aparèy pou kapab tande
    • Aparèy dantè
  • Manje ak founiti pou bèt pou asistans w (si sa nesesè) ak prèv li te pran tout rapèl vaksen li yo

PA POTE BAGAY SA YO - NOU PA AKSEPTE ATIK SA YO NAN ABRI YO

  • Bèt (sepandan, y ap aksepte bèt pou asistans w nan tout abri ak enstalasyon piblik)
  • Zam afe oswa zam
  • Bwason ki gen alkòl oswa dwòg ilegal
  • Pwodui alimantè ki perisab


 Ou dwe genyen lojisyèl pou dechifre PDF si w vle konsilte dokiman ki kreye sou fòma yo rele Fòma dokiman pòtab (PDF). Adobe Systems, Inc. founi Acrobat Reader gratis. Vizite sit web Adobe pou lojicièl sa a.

Pa valab
Pa valab