Byenvni nan Rezo transpò Konte Broward!
Nouvèl Vag

Pa valab
Aksesibilite

Rezo transpò Konte Broward (BCT) devwe pou bay tout rezidan ak vizitè nou yo ak sèvistranspò ki presye. Sèvis nou ofri yo se pou kliyan ki gen bezwen espesyal tou akòz yo gen anpil laj oswa yo andikape. Konfòmeman ak Lwa sou Ameriken ki andikape (ADA), tout otobis BCT aksesib pou moun ki nan chèz woulant e operatè otobis yo founi asistans sou demann. BCT ap eseye fè ke tout arè otobis nou yo ki gen priyorite vin aksesib pou moun ki nan chèz woulant pandan pwochen senk lane yo.

Anplis sèvis itinerè fiks nou, BCT founi Sèvis otobis ki adapte (TOPS) se pou moun ki gen yon andikap fizik, koyitif, emosyonèl, vizyèl oswa yon lòt kalite andikap ki anpeche yo itilize yon itinerè fiks nou. Pou kapab kalifye, chak kandida k ap aplike dwe pase yon pwosesis seleksyon pou detèmine si li elijib. Pou enfòmasyon oswa pou kapab jwenn yon fòmilè aplikasyon, tanpri rele 954-357-6794.

BCT angaje pou satisfè vwayajè e pou asire aksè nan enfòmasyon nou. N ap ogmante kantite enfòmasyon piblik osijè sèvis nou ki aksesib, ki gen ladan non ak ki kote pou jwenn anplwaye Konte a ki responsab pou trete plent yo. Pou sa, n ap eseye aplike diektiv aksesibilite Depatman Jistis Ameriken pou konsepsyon wèb.

Kòmantè piblik yo
Vizit paj kòmantè nou.

Kontakte enfòmasyon pou Aksesibilite rezo transpò Konte Browad
Espesyalis ADA BCT a responsab pou ankèt ak rezolisyon kèlkeswa plent yo ki di BCT echwe founi aksesibilite sou otobis nou yo oswa nan enstalasyon transpò nou yo. Epitou, Espesyalis ADA BCT a responsab pou kowòdone pwosesis kòmantè piblik ADA a pou anplasman ak priyorite arè otobis, twotwa ak entèseksyon ki mande amelyorasyon pou founi aksesibilite pou moun ki nan chèz woulant pou sistèm otobis la.

BCT pral travay ansanm avèk Biwo pou egalite chans Konte a Seksyon Zafè moun ki andikape Administratè ADA pou rezoud kèlkeswa doleyans konsènan ADA.

Si w gen kesyon oswa lakrentiv konsènan aksesibilite otobis oswa enstalasyon transpò nou, tanpri kontakte Espesyalis ADA BCT a e voye l yon imèl nan bctadacomments@broward.org oswa rele nan 954-357-8232 (954-357-TADA).

Nan lapòs :
BCT
Wanda Del Toro
ADA Specialist
3201 W. Copans Road
Pompano Beach, FL 33069

Telefòn :
954-357-8232 (954-357-T-ADA)
Aksè BCT TTY : 954-357-8302

Politik Konte Broward konsènan ADA

Avi konfòmite avèk ADA (28 CFR 25.106)

Pwosedi tretman plent ADA Konte Broward

Dokiman yo
Anpil dokiman ki sou paj wèb nou yo nan fòma HTML, ki aksesib pou moun ki sèvi ak lojisyèl pou lekti ekran ak pou mounki gen lòt vizyon oswa lòt andikap ki anpeche yo deplase fasilman. Anjeneral, nou sèvi ak Langaj pou makaj ipètèks (HTML) pou kreye paj ak dokiman ki aksesib pou itilizatè sa yo.

Sit wèb nou gen sou li fichye Adobe Acrobat PDF (Fòma dokiman ki pòtab) tou. Nou sèvi ak metòd sa a lè dokiman yo pa disponib sou fòm dijital, lè yo twò gwo oswa two difisil pou pwodui ak HTML, oswa ki piblikasyon kote fòma a enpòtan pou kapab sèvi ak dokiman an. Adobe Systems, Inc. ap konsevwa pwodui ki fèt pou dokiman PDF yo vin pi aksesib. paj wèb aksesibilite Adobe dekri efò yo.

Resous yo
Pou kapab jwenn enfòmasyon ak resous adisyonèl osijè pwoblèm aksesibilite, tanpri konsidere resous ki annapre yo :

Konsèy Aksè
800) 872-2253 (vwa)
(800) 993-2822 (TTY)

Paj dakèy ADA
(800) 514-0301 (vwa)
(800) 514-0383 (TTY)

Seksyon 508
Inisyativ aksesibilite Wèb
Direktiv aksesibilite Kontni Wèb
Seksyon Zafè moun ki andikape Konte Broward


Pran Adobe AcrobatDokiman ki te kreye nan yon Fòma dokiman pòtab (pdf) (PDF) egzije pou w genyen yon kopi Acrobat Reader pou kapab gade yo. Ou kapab bezwen jwenn Adobe Acrobat Reader, gratis, pou gade ak enprime piblikasyon sa a. Tanpri swiv enstriksyon konsènan enstalasyon ak konfigirasyon navigatè Adobe founi. Se yon pwosesis w ap dwe fè yon sèl fwa sèlman.

Chwazi lang ou
 
 
Pa valab Pa valab