Byenvni nan Rezo transpò Konte Broward!
Nouvèl Vag

Kisa ki nouvo
Chanjman nan itinerè pou mwa mas la

BCT ap anonse amelyorasyon nan sèvis la koumanse 25 mas 2007.

plis detay>>

Pa valab
Kòmantè piblik ADA yo

Nou ta renmen resevwa kòmantè piblik la sou aksesibilite transpò a

Rezo transpò Konte Broward (BCT) ap revwa alèkile yon plan, konfòmeman ak Lwa pou Ameriken ki andikape ki date nan lane 1990 (ADA) ak Seksyon 504 na Lwa Reyabilitasyon nan lane 1972, pou amelyore aksè anplasman arè otobis li ak lòt etablisman transpò (imèb, abri, sant transfè, elatriye) pou moun ki andikape e pou idantifye andwa anplsaman priyoritè ki bezwen amelyorasyon.

BCT swete resevwa kòmantè ak sijesyon nan men piblik la, sitou pasaje nou, pou kapab idantifye anplasman priyoritè yo ki bezwen amelyorasyon.

Voye ADA yon imèl avèk kòmantè oswa sijesyon ba bctadacomments@broward.org oswa rele nan 954-357-8ADA(8232), oswa 954-357-8302 (TTY).

*Konfòmeman ak egzijans Tit II Lwa pou Ameriken ki andikape (ADA) ki date 1990, Konte Broward pa diskrimine sou labaz admisyon, aksè oswa operasyon pwogram, sèvis, aktivite oswa enstalasyon li.

Chwazi lang ou
 
 
Pa valab Pa valab