Byenvni nan Rezo transpò Konte Broward!
Nouvèl Vag

Pa valab
Pri tikèt e abonman yo

Tip pri tikèt sou rezo a
 
Pri tikèt pou ale senp nòmal $1.50
Pri tikèt ki redwi  
 - Medicare pou Granmoun / Jenn moun / Andikape $0.75
7-Day Bus Pass $13.00
10-Ride Bus Pass $13.00
All Day Pass $3.50
Tout Day Passes yo Redui
 - Medicare pou Granmoun / Jenn moun / Andikape
$2.50
31-Day Adult Pass $52.00
Pass 31 Jou Redui es
 - Medicare pou Granmoun / Jenn moun / Andikape
$26.00
 - College Student Pass $26.00
NOUVO - Pri nòmal yon vwayaj ale senp 95 Express $2.35
NOUVO - Pri tikèt ki redwi pou yon vwayaj ale senp 95 Express $1.15
NOUVO - Pass Deliks 10 Deplasman 95 Express $23.50
NOUVO - Pass Deliks 31 jou 95 Express $85.00
Nòt : Gen sèten vandè bus pass ki konn ajoute yon chaj komodite (ki vle di yo chaje w pou sèvis la) anplis sou pri nòmal bus pass la.

Politik konsènan transfè yo

Pou janbe sou lòt sistem transfè yo: Lè w ap transfere sòti nan BCT pou janbe sou Miami-Dade Transit (MDT), Palm-Tran oswa Tri-Rail w ap resevwa yon transè gratis e w ap dwe peye pri tikèt ki apwopriye a sou lòt sistèm rezo transpò a. Pou monte nan yon otobis BCT ki prale nan yon ka mil estasyon Tri-Rail, pasaje a ap peye $.50 santim avèk yon kat Tri-Rail mansyèl.

Nan lòt sistèm rezo transpò piblik: Pou transfere ant Rezo Transpò Piblik Miami-Dade (MDT) ak BCT, pasaje Palm Tran oswa Tri-Rail ap peye $.50 avèk yon transfè MDT, Palm Tran bay yo, oswa avèk yon kat Tri-Rail mansyèl.

Règleman pou Transfè Rejyonal

Nan BCT:

  • Transfè ant BCT Express ak MDT lokal - transfè ak 50¢
  • Transfè ant BCT lokal ak MDT Express - transfè ak 50¢ plis 35¢ ogmantasyon (85¢)

Nan MDT:

  • Transfè ant MDT Express ak BCT lokal - transfè ak 50¢
  • Transfè ant MDT lokal ak BCT Express - transfè ak $1

Ant Itinerè Express:

  • Transfè ant MDT ak otobis BCT Express - 50¢

Nan TRI-RAIL:

  • Transfè ant Tri-Rail ak BCT lokal - 50¢
  • Transfè ant Tri-Rail ak BCT Express - pri konplè $2.35
  • Pasaje Tri-Rail k ap vwayaje sou BCT lokal rive nan Tri-Rail - 50¢
  • Pasaje Tri-Rail k ap vwayaje sou BCT Express rive estasyon Tri-Rail - pri konplè $2.35

Yo pa aksepte Miami-Dade Transit's Easy Card nan otobis BCT. Yo aksepte transfè yo depi ou montre transfè MDT ba ou abò otobis BCT.

Abonman otobis
Yon abonman otobis BCT se yon kat ki gen menm dimansyon ak yon kat kredi ki gen yon bann mayetik dèyè li ou kapab glise nan yon lektè kat. `evi avèk li nan tout pwosede otomatik ki enstale sou tout otobis BCT yo. Li senp tou pou itilize; annik entwodui bann mayetik nan direksyon ki endike sou bwat peman pri tikèt yo, fè l glise de dwat a gòch epi bwat peman pri tikèt la pral bipe lè Abonman otobis la aksepte.

Kijan pou sèvi avèk Abonman otobis ou
dyagram pri tikèt yo A // Entwodui bann mayetik kat Abonman otobis la nan dirkesyon ki fè fas ak sa ki endike sou lektè kat bwat peman pri tikèt la pou kapab aktive l.
B Fè l glise nèt ale, kenbe bann mayetik la anba, de dwat a gòch. Bwat peman pri tikèt la pral BIPE lè Abonman otobis la aksepte. Bwat peman pri tikèt la pral fè de TI BWI lè yon Abonman otobis pa valab, lè li mal li Abonman an oswa lè Abonman an ekspire. Eseye ankò. Si bwat peman pri tikèt la kontinye ap fè TI BWI ankò, pasaje a dwe peye pri tikèt la avèk lajan kach egzak.

Kalite Pass otobis ki genyen
All Day: Disponib sèlman abò otobis BCT yo. Kantite deplasman ki pa limite tout lajounen sou tout itinerè. Pri tikèt ki redwi pou Jennjan*, Senyò, Andikape** ak Medicare***.
10-Ride: 10 vwayaj nenpòt ki jou, a nenpòt kilè. Li ekspire apre w fin fè 10yèm deplasman an.
7-Day: Nenpòt ki kantite vwayaj pandan 7 jou youn dèyè lòt. Li koumanse depi premye jou w sèvi ak kat la Li ekspire apre setyèm jou a
31-DAY-Adilt: Nenpòt kantite vwayaj pou 31 jou youn dèyè lòt. Li kòmanse nan premye jou w sèvi avèk kat la. Li ekspire apre 31ye jou a.

Kat abònman otobis yo pa rachtab, ranbousba oswa transferab. Vwati domaje pa valab. BCT P AP ranplase kat ki pèdi, vòlè oswa domaje.

Pri tikèt ki redwi
31-Day:Jennjan*, Senyò*, Andikape**, Medicare*** ak Etidyan nan kolèj†. Kantite deplasman pandan 31 jou youn dèyè lòt. Li kòmanse nan premye jou w sèvi avèk kat la. Li ekspire apre 31ye jou a.

* Pou tikè Jenn Moun (18 ane oswa mwens) epi tikè Granmoun (65 ane oswa plis), prèv laj obligatwa.
** Pou pri tikèt pou Moun ki andikape, li nesesè pou prouve w andikape vreman:
  · Kat Medicare
  . Lèt yon doktè ekri pou w ki endike ou andikape pèmanan a 50 pousan oswa plis
  · Enpresyon oswa chèk Revni Sekirite sosyal (SSI)
  . Kat idantifikasyon ak foto
*** Kat Medicare ak kat idantifikasyon foto.
**** Dwe prezante yon resan I.D. elèv nan moman acha a
† Pass Elèv Kolèj yo disponib tou pou lavant nan Broward County Main Library (MN), North Regional/BC Library (NR), South Regional/BC Library (SR), Miramar Library (MI) ak nan Sherman Library ki nan Nova Southeastern University.

Pwenn vant kote pou achte Pass pou otobis yo
Klike la pou kapab jwenn yon lis distribitè otorize ki vann Abonman Otobis BCT yo Nimewo telefòn avèk itinerè otobis pou fè koneksyon yo endike tou.

Pwogram benefis anvan taks pou pasaje Ride-and-Save (Deplase e ekonomize)
Rezo transpò Konte Broward (BCT) entwodui yon nouvo pwogram anvan taks pou benefisye pasaje ki fè ale-retou ki ofri anplwaye ak anplwayè yo yon nouvo fason enteresan pou ekonomize lajan. Anplwaye yo kapab ekonomize lajan sou pri deplasman ale-retou yo lè yo achte abonman otobis BCT avèk dola anvan-taks, alòske anplwayè yo kapab ekonomize lajan sou chaj sosyal yo. Se yon sityasyon ki gen anpil avantaj pou tout moun. Nouvo pwogram Deplase-e-Ekonomize (Ride-and-Save) BCT a edike anplwayè ak anplwaye yo osijè opsyon ale-retou yo genyen ak kijan pou jwenn avantaj avèk pwogram federal sa a.

Annapre, w ap jwenn opsyon pwogram Deplase-e-Ekonomize ap founi pou redwi depasn transpò pasaje ki fè ale-retou yo :
Benefis anplwayè peye: Anplwayè kapab peye pou anplwaye yo pou yo sa vwayaje sou otobis BCT yo; pousa yo kapab achte yon 31-Day bus pass. Anplwayè yo ap benefisye yon dediksyon fiskal pou depans sa a.

Benefis anplwaye yo peye: Abplwayè yo kapab otorize anplwaye yo achte yon BCT 31-Day bus pass avèk revni anvan taks yo e anplwayè a founi yon pwogram dediksyon anvan taks pou kovri frè deplasman anplwaye li yo.

Benefis pataj pri tikèt: Anplwayè yo kapab founi yon pòsyon nan depans anplwaye yo dwe peye pou chte yon BCT 31-Day bus pass. Anplwaye a peye tou yon pati ladann grasa revni anvan taks li pandan anplwayè a ofri yon pwogram dediksyon anvan taks.

Lwa sou ekite nan transpò (Transportation Equity Act - TEA-21), te etabli nan lane 1998, li te amande kò fiskal federal la pou kreye pwomosyon finasyè konsènan benefis pou vwayajè ale-retou anfavè anplwayè ak anplwaye yo. Pwogram sa a ede pasaje komèsyal k ap fè ale-retou sèvi avèk yon lòt mwayen transpò pou ale nan travay e tounen lakay yo pou kapab ekonomize lajan. Anplwaye yo elijib pou resevwa èd finansyè pou peye pou depans transpò yo, oswa yo kapab mete sou kote jiska $230 pa mwa nan revni anvan taks yo pou kapab kouvri divès depans pou deplasman ale-retou yo.

Si w bezwen plis enfòmasyon, tanpri rele nan 954.357.8355 oswa TTY 954.357.8302.

Chwazi lang ou
 
 
Pa valab Pa valab