Byenvni nan Rezo transpò Konte Broward!
Nouvèl Vag

Pa valab
Nouvèl e evenman

Avi pou Odyans Piblik
Konsèy Manm Komisyon Konte Broward ap òganize yon odyans piblik madi 10 novanm 2009, a 2 p.m., nan Sant Gouvènman Konte Broward 115 S. Andrews Avenue, Sal 422, Fort Lauderdale, pou resevwa kòmantè piblik la sou nivo sèvis rapid otobis sou I-95 apati 25 janvye 2010. Sèvis transpò ki pwopoze a ap pase ant Konte Broward ak anba lavil Miami toutolon Hollywood/Pines Boulevard ak liy peyaj rapid I-95 yo. Klike la (PDF - 288k) pou wè kat itinerè ki pwopoze a.

Yo pwopoze tou yon nouvo kat abònman siplemantè pou 31 jou pou itilize sou sèvis rapid otobis ak sou tout itinerè BCT yo, avèk tou sèvis lokal otobis.


Rezo Transpò Konte Broward (BCT) Alèrt pou anplwaye ak pasaje yo
Lagrip H1N1 Flu (Lagrip kochon)

Rezo transpò Konte Broward (BCT) fè tout anplwaye, pasaje ak tout moun ki sèvi ak lòt mwayen transpò piblik sonje pou yo fè tout sa yo kapab pou rete an sante etandone resan epidemi lagrip H1N1 a.

Sentòm souch lagrip sa a se lafyèv, frison, touse, gòj fè mal, doulè nan tout kò w ak fatig. Si w swiv prekosyon senp sa yo, tankou sa ki liste annapre a e Sant pou kontwòl e prevansyon maladi (Center for Disease Control and Prevention - CDC), ou gen dwa ede redwi transmiyon viris la ak gravite maladi a, pwoteje tèt ou ak lòt moun e aleje defi nouvo epidemi sa a reprezante pou founisè swen sante ak òganizasyon leta yo.

• Pran prekosyon toulejou pou rete an sante...
  • Kouvri nen ou ak bouch ou avèk yon klinèks lw w ap touse oswa lè w ap estènye. Jete klinèks la nan poubèl aprè ou fin sèvi avèk li. Lave men ou souvan avèk savon ak dlo, espesyalman apre ou fin touse oswa estènye. Netwayan pou men ki fèt avèk alkòl efikas tou.
  • Evite menyen zye w, nen ou oswa bouch ou. Jèrm yo repann fasil.
  • Si w gen sentòm ki "sanble lagrip", CDC rekòmande pou w rete lakay ou, pou w pa ale nan travay oswa lekòl e pou w limite kontak avèk lòt moun pou pa enfekte yo.
  • Moun pasne ke se moun ki enfekte ki transmèt lòt moun lagrip (enfliyentza) lè y ap touse osa lè y ap estènye.

Alèkile nan Konte Broward ak nan Leta Florid, pa gen okenn rekòmandayons osijè ki aksyon moun dwe pran pou pwoteje tèt yo, eksepte demach ijyèn pèsonèl ki liste anlè yo. Biwo Depatman Sante Konte yo ki nan tout Eta a ap premye nan founi piblik la enfòmasyon ak planifikasyon. Depi gen lòt enfòmasyon ki rive, n ap transmèt anplwaye ak kliyan nou yo li.

Rete okouran... Rele nimewo enfòmasyon osijè lagrip kochon (Swive Flu) Depatman Sante Eta Florid la ki disponib nan lang Angle ak Panyòl nan 1-800-775-8039. Ou kapab konekte w tou sou sit Wèb Sant pou kontwòl ak prevansyon maladi (CDC) a nan www.cdc.gov/swineflu/ pou kapab jwenn plis enfòmasyon. N ap aktyalize sit wèb sa a regilyèman, depi gen nouvo enfòmasyon ki disponib. Oswa rele 1-800-CDC-INFO (1-800-232-4636).


Plan chantye konstriksyon Wout Ravenswood

Moun ap planifye pou konstwi yon lòt bilding adisyonèl ak garaj pou pakinn nan etablisman Rezo transpò Konte Broward County, ki sitye nan 5440 Ravenswood Road, Dania Beach/Fort Lauderdale.

Objektif chantye konstriksyon sa a se pou sèvi pi byen ak etablsiman ki deja egziste a grasa yon ogmantasyon kapasite a nan anplasman aktyèl la.

YO PA GEN LENTANSYON OKENN KONSTRISYON OSWA EKSPANSYON ANDEYÒ SIT LA.

Si konstriksyon sa a gen yon enpak sou w, tanpri voye kòmantè w ba bctsurvey@broward.org oswa rele 954-357-8400.


Rezo Transpò Konte Broward ap prevwa yon Analiz operasyonèl konplè (COA) pou tout Sèvis otobis global

Jou 28 fevriye 2009, Rezo Transpò Konte Broward (BCT) ap kòmanse yon Analiz operasyonèl konplè (Comprehensive Operational Analysis - COA). Efò pou tout sistèm sa a pral efektye yon analiz pou wout otobis yo pou kapab amelyore sèvis nou ofri koulye an ak pou planifye pou kwasans nan bezwen rezo transpò nan Konte Broward la.

Premye demach la nan kad pwosesis sa a se mande pou pasaje yo aksepte fè yon sondaj. Y ap distribye sondaj yo sou tout wout BCT ale ak nan tibis kominote yo pandan tout lajounen nan mwa mas rive nan koumansman mwa avril. Sondaj yo disponib nan lang Angle, an Panyòl ak an Kreyòl. Nou ankouraje pasaje nou yo pou yo patisipe nan kanpay sondaj sa a, yo gen dwa ranpli pandan y ap deplase nan otobis la.

Pou kapab jwenn plis enfòmasyon, kontakte Jonathan Roberson nan 954-357-8338.

Chwazi lang ou
 
 
Pa valab Pa valab