Rezo Transpò Konte Broward ap lanse Acha Bus Pass sou Entènèt - Nouvo karakteristik sou Entènèt pratik; li elimine deplasman anbetan ak fè lake -
Rezo Transpò Konte Broward (BCT) te ajoute yon lòt karakteristik ki fasil pou kliyan yo itilize nan sit Wèb li a. Pasaje otobis yo ak vandè ki orotize yo kapab achte depi koulye a pass pou otobis sou Entènèt, pandan yo konfòtab lakay yo oswa nan biwo yo. Ale sou www.broward.org/bct e klike sou "Achte Bus Pass."
Nouvo acha an twa etap disponib 24-è-pa-jou, 7 jou sou 7, sou yon sit Entenèt Konte Broward ki konfisansyèl ak san danje ki aksepte tout kat kredi majè ki apwouve yo. 10-Ride, 7-Day ak 31-Day Adult pass yo disponib.
Pass 31-Day Reduced Fare avèk rabè pou jenn jan, senyòm andikape, benefisyè Medicare ak etidyan linivèsite pa kapab achte sou Entènèt, paske ou dwe prezante yon dokiman idantite ki valid. Pass sa yo vann nan tèminal otobis prensipal la, nan tout bibliyotèk nan Konte a ak nan sèten adrès magazen pou ankèsman ki sitye nan tout Konte Broward. Ou pa kapab achte All-Day pass la sou Entènèt, men sèlman abò otobis la.
Nou trete kòmann pou pass otobis sou Entènèt gratis selon kondisyon nòmal United States Postal Service (USPS) yo. Achtè sou Entènèt pra resevwa yon imèl ki konfime kòmann yo e yo ta dwe tann sèt a 10 jou ouvrab pou resevwa pass yo.
Si w bezwen plis enfòmasyon osijè acha bus pass sou Entènèt, kontakte Seksyon Kominikasyn Rezo Transpò Konte Broward a nan 954-357-6786.
Sit Wèb BCT a, ki se www.broward.org/bct, te fèk amelyore : yo te ajoute tradiksyon nan lang Panyòl ak an Kreyòl.