Somè rezo transpò koumanse dyalòg lan pou kapab devlope
yon Plan transpò piblik
Jou 16 oktòb 2007, ofisyèl ki eli ak ofisyèl yo nonmen, lidè kominotè ak chèf antrepriz, ak pasaje rezo transpò te reyini pou abòde pwoblèm ak transpò piblik rejyon nou genyen. Grasa diskisyon tab wonn ak prezantasyon Majistra Konte Broward Josephus Eggelletion, Vis-majistra Lois Wexler ak Bill Millar, Prezidan Asosyasyon Transpò Piblik Ameriken te fè, patisipan yo te enfòme konsènan pwoblèm transpò e yo te ofri solisyon pou reponn ak bezwen transpò piblik aktyèl ak fiti.
Reyinyon ki pwograme yo
Pral anonse
- KIsa ki pi gwo pwoblèm transpò ki egziste nan rejyon ou ?
- Kisa yo ta dwe fè koulye a ak alavni pou amelyore transpò piblik ?
Nou vle tande sa w gen pou di sou zafè ki anlè yo. Di sa w panse, lide ak konsèy ou ta renmen bannou pou konsepsyon yon plan transpò piblik rejyonal! Voye kòmantè w nan bctsurvey@broward.org. Tanpri ekri nan liy pou Objè imèl la “Transit Summit Comments (Kòmantè sou Reyinyon pouTranspò a).”
Telechajman yo
Telechaje lis tèminoliji transpò ak definisyon yo (PDF - 33 kb).
Telechaje lis akwonim ki gen pou wè ak transpò (PDF - 13 kb).
Telechaje Prezantasyon dyapozitiv Show sou Rezo Transpò (PDF - 2.2 mb).
Lis Fowòm osijè rezo transpò kominotè yo
Foto Fowòm Kominotè Rezo transpò piblik - 26 oktòb 2009
Administrasyon Minisipal vil Fort Lauderdale

Patisipan kominote a.

Patisipan kominote a.

Manm Komisyon Vil Bobby B. DuBose (lwen adwat, chemiz oranj) nan diskisyon sou tabwonn

Bob Nelson, Director, Rezo Transpò ankomen Broward County (lwen adwat, mitan), ap koute kòmantè kominote a avèk atansyon.
Foto nan Fowòm kominotè rezo transpò 17 septanm 2009 lan,
Northwest Focal Point Senior Center, Margate

Yolanda Rodriguez, Manadjè-adjwen vil la (anba adwat) rejwenn manm kominote a pandan diskisyon tab wonn yo.
Sèn ki sòti nan Fowòm rezo transpò kominotè, 7 me 2009
Parkland Library

Manadjè Rezo transpò a ap reponn kesyon devan tab yon goup moun avèk Komisè Dave Rosenof (lwen adwat)

Diskisyon tab wonn yo.

Sèn ki sòti nan Fowòm rezo transpò kominotè, 30 avril 2009
Northwest Focal Point Senior Center, Deerfield Beach

Komisè Marty Popelsky, Deerfield Beach.

Majistra Peggy Norland ap kominike lide li yo konsènan transpò piblik.

Patisipan yo...
Sèn yo te filme pandan Fowòm osijè Rezo transpò kominotè ki te òganize 18 fevriye 2009 -
Northwest Regional Library, Coral Springs

Komisè vil Coral Springs (agòch) ap koute avèk atansyon e l ap pataje lide li genyen konsènan transpò piblik.

Diskisyon tab wonn nan Fowòm Coral Springs.
Bibliyotèk South Regional/BCC Library, Pembroke Pines

Pasaje otobis yo gen preyokipasyon ak konsèy yo ta renmen bay.

Yon jenn elèv te ge plizyè kesyon li te vle poze.

Kesyon ak repons pou Piblik la.
Sèn nan Reyinyon sou transpò, 6 oktòb 2007
Broward County Convention Center, Fort Lauderdale
![]() Patisipan yo pandan diskisyon tab wonn yo. |
![]() Entèvenan yo te envite pou pran lapawòl Bill Millar, Prezidan, APTA. |
![]() Kesyon enpòtan sou transpò. |
![]() Chris Walton, Direktè, Biwo transpò. |
![]() Vis-Majistra Wexler ap reponn kesyon yo. |
![]() Lidè gwoup diskisyon tab wonn yo ap pataje preyokipasyon yo avèk lòt moun. |
![]() Majistra Konte Eggelletion, Jr. te òganize evènman sa a. |
![]() Majistra Joy Cooper, Vil Hallandale Beach. |
![]() Vis-Majistra ap fè kòmantè final yo. |
Videyo
Majistra Josephus Eggelletion, Jr. ap pale (38 Sec. / 18mb)Vis-Majistra Lois Wexler ap pale (30 Sec. / 15mb)
Dokiman ki te kreye nan yon Fòma dokiman pòtab (pdf) (PDF) egzije pou w genyen yon kopi Acrobat Reader pou kapab gade yo. Ou kapab bezwen jwenn Adobe Acrobat Reader, gratis, pou gade ak enprime piblikasyon sa a. Tanpri swiv enstriksyon konsènan enstalasyon ak konfigirasyon navigatè Adobe founi. Se yon pwosesis w ap dwe fè yon sèl fwa sèlman.








