Poutèt pri esans ap kontinye monte, demann pou transpò piblik la ap kontinye bat yon rekò.
Administrasyon Rezo Transpò Nasyonal, ansanm ak patnè li tankou FEMA ak Depatman Sekirite Teritwa a, te vle kreye yon twous zouti ki efikas ki pèmèt ajans rezo transpò yo ede pwomouvwa wol yon zòn sekirite nan tout kominote atravè peyi a. Se preyokipasyon sa a ki sèvi kòm baz pou Siveyans Rezo Transpò a. Siveyans Rezo Transpò se yon kanpay nasyonal pou konsyantizasyon piblik la ki ankouraje pasaje rezo transpò a patisipe aktivman pou ede kenbe yon anviwònman rezo transpò ki san danje. Siveyans Rezo Transpò founi yon mwayen ki efikas pou ajans rezo transpò, anplwaye ak pasaje yo kapab pwoteje pèp Etazini k ap kontinye deplase ann avan.
Depi Siveyans Rezo Transpò a te kòmanse, anpil ajans rezo transpò te adopte kanpay la e yo te fè kanpay sansibilizasyon piblik la ki sanble ak pwogram Siveyans Rezo Transpò a. Rezo Transpò Broward fyè li se youn nan ajans sa yo ki fè pati nan inisyativ nasyonal sa a pou asire sekirite ak byennèt anplwaye li yo ansnam ak piblik ki pasaje yo.
Otobis nou yo founi koneksyon rive pwen ki sèvi kòm koneksyon sou tout sistèm la nan twa (3) tèminal transfè; Broward Central Terminal, (downtown Fort Lauderdale); West Regional Terminal (Plantation) ak Lauderhill Mall Transfer Facility (Lauderhill).
Nou founi tou Wi-Fi gratis sou wout 441, US 1 ak University Breeze yo ansanm ak nan Tèminal Otobis Prensipal (Main Bus Terminal) ki nan downtown santvil Fort Lauderdale. Nan pami plis pase 1,200 maylz kare ki genyen, otobis BCT yo founi sèvis nan 410 maylz kare. Zòn sèvis nou an ap lejai grasa Wout 18, ki se premye wout otobis BCT k ap founi sèvis nan zòn twa (3) konte Miami-Dade, Broward ak Palm Beach yo.
Non sèlman nou asire deplasman ki san danje e ki konfòtab, BCT eseye kenbe otobis yo nan bon eta pou evite kèlkeswa otobis nan park machin nou pa janm rive an reate oswa dwe ale nan garaj poutèt pwoblèm mekanik.
Misyon BCT se founi deplasman ki pwòp, san danje, fyab ak efikas ba kominote a anske li aji pou reponn ak evolisyon bezwen piblik la. Pi gwo priyorite nou se konsantre sou sèvis pou kliyan yo. Alèkile, grasa pwogram Siveyans Rezo Transpò a ki egziste, ou kapab ede nou asire deplasman yo san danje. Lè w di nou sa ou wè ak sa w tande, ou tounen zye ak zòrèy kominote rezo transpò a, e nou pwoteje youn lòt.
Pou sa kapab fèt, ou dwe rete vijilan, obsève konpòtman moun ozalantou w epi pote atansyon ak tout bagay ki pa nòmal pandan w ap vwayaje nan otobis la oswa w ap tann nan yon arè otobis. Si w remake yon oake ki sispèk oswa ou temwen yon aktivite ki ilegal nan otobis la oswa akote li, nan yon arè otobis, nan yon tèminal rezo transpò oswa nan kèlkeswa pwopriyete rezo transpò a, ou ta dwe avèti chofè otobis la, sipèvizè rezo transpò a oswa rele 911 pou rapòte yon sityasyon ijans touswit.
Koulye a ou kapab rele Siveyans Rezo Transpò tou nan (954) 357-LOOK (5665) e administratè sekirite rezo transpò an pral pale avèk ou. Apèl ou ap rete konfidansyèl. Rezo Transpò Konte Broward angaje l founi kominote a sèvis transpò ki san danje.
Men nimewo telefòn ou pa dwe bliye pou kapab rele Siveyans Rezo Transpò a : 954-357-LOOK (5665) oswa 911 pou rapòte yon ijans touswit.
