Konte Broward - Preparasyon pou siklòn
Preparasyon pou siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Paj dakèy Chèche yon Òganizasyon Gid Siklòn de A jiska Z Chwazi lang ou
Pa valab
Pa valab
Pa valab

Plan pou fanmi w an 10 etap

ETAP 1 Fè yon reyinyon familyal
  Diskite risk siklòn yo konpòte. Ankouraje timoun yo pale osijè krent yo genyen yo e esplike sèten bagay w ap fè pou tout moun rete an sekirite. Kòmanse yon lis aleksi avèk tout bagay w ap bezwen pou tout moun anfòm e ankouraje tout moun nan fanmi a fè pwopozisyon.
DEMACH 2 Diskite si w ap bezwen yo evakye w
  Deside si w kapab abite nan yon zòn evakyason e, si repons la se wi, deside ki kote w prale sizoka yo ta anonse yon lòt pou tout moun evakye zòn la. Li ta pi bon si w t ale kay yon fanmi oswa yon zanmi oubyen yon lotèl ki andeyò zòn evakyayson an. Si w deside kite lavil la, derape bonè anvan tanpèt la pwoche twòp. Poutèt abri yo founi sèvis debaz sèlman, ou ta dwe chwazi pou ale nan abri sèlman si w pa gen lòt posibilite.
DEMACH 3 Asire w ke byen w pwoteje
  Fè envantè pou tout sa ki nan kay w e filme oswa pan foto tout objè de valè w yo. Analize kontra asirans w yo pou wè si w byen kouvri.
DEMACH 4 Evalye kay w pou chèche konnen zòn ki vilnerab yo
  Mache enspekte kay w ak byen w pou evalye eta twa a, fènèt yo, pòt garaj la, jaden an, elatriye e chèche konnen sa w ap fè pou sa.
DEMACH 5 Fè yon plan pou pwoteje machin w yo
  Deside ki kote w pral estoke oswa pake veyikil, bato oswa karavan w. Verifye kontra asirans veyikil w e kenbe nan menm kote ak kontra ki montre w se mèt kay w an.
DEMACH 6 Fèmen kay w byen
  Deside kisa w ap dwe fè pou pwoteje kay w ak byen w (shòtèrs, dèlko, koube branch pye bwa yo), e pou konfòtab jan sa posib pandan travo reskous ak retablisman yo.
DEMACH 7 Deside si gen yon moun andedan kay w ki gen bezwen espesyal
 

Diskite si gen yon moun lakay w ki gen anpil laj oswa ki gen bezwen espesyal, e si genyen, fè plan alavans pou satisfè bezwen sa yo.

DEMACH 8 Fè plan pou bèt w (chen, chat, zwazo, elatriye)

 

Deside kijan w ap satifè bezwen bèt w e fè yon plan pou bèt w sizoka w ta dwe evakye. Sonje fè plan pou gwo bèt tankou chwal.

DEMACH 9 Rasanble pwovizyon w
  Deside sa fanmi w bezwen pou aliman, dlo ak medikaman e fè pwovizyon pou twous siklòn w selon bezwen sa yo (gade nan kad sou kote a pou wè atik ou pa ta dwe bliye)
DEMACH 10 Enfòme lòt moun osijè plan w
  Kite fanmi iswa zanmi w konnen sa plan siklòn w ye, pou yo kapab tcheke pou wè si tout bagay anfòm apre tanpèt la fin pase. Chwazi yon moun andeyò lavil la ki pral sèvi kòm kontak.

Pare. Enstale. An sekirite.

Pa valab