Ekip entèvansyon kominotè pandan ijans yo (CERT)
Kisa CERT ye ?
Kisa ki jistifye nou bezwen CERT ?
Ki wòl manm ekip yo ?
Ki kote nou kapab jwenn manm yo ?
Kijan yo pral fòme manm ekip la ?
Èske sa pratik pou fòme moun sèlman pou sityayson dezas ?
Èske yo travay veman ann ekip ?
Kijan yon fòme ekip yo ?
Èske gen lòt moun ki fè sa tou ?
| Kisa CERT ye ? | |
|
|
Yon "CERT" se yon gwoup moun ki òganize e resevwa fòmasyon espesya; pou amelyore kapasite yo pou rekonèt, reponn e retabli aprè yon sityayson ijans grav oswa yon dezas.
|
|
|
CERT plase anba lidèchip otorite ponpye oswa lapolis ki gen jiridiksyon sou zòn kote CERT a pral aji.
|
|
|
Se ofisye sètifye Sèvis Ponpye e/oswa Depatman Lapolis Manm CERT nan zòn yo ki pral ede sitwayen yo okipe pwòpt tèt yo ak okipe lòt moun, si sa nesesè, pandan yon gwo ijans oswa yon dezas grav.
|
|
|
Antan ekip òganize, CERT founi yon sipò ki gen anpil valè pou entèvanan nan ka dijans ki ta gen dwa rive anreta akòz kalitei oswa gwosè evènman an.
|
|
|
Lè yon gwo ijans vin depase kapasite ki disponib pou solisyone pwoblèm yo, gen dwa genyen delè (reta) anvan yo kapab rive ki kapab dire plizyè èdtan oswa plizyè jou; yon moun ki gen "fòmasyon debaz" ta kapab ede moun ki nan pwoblèm san pèdi tan.
|
| Kisa ki jistifye nou bezwen CERT ? |
Divès rapò osijè "Leson nou te aprann" apre plizyè dezas, ki gen ladann ijans lameteyo ki pi resan yo tankou Hugo nan lane 1989, Andrew nan lane 1992, ak tout "Tanpèt ki pandan lane 1993." Urban Institute of University of Carolina nan Charlotte te pibliye yon etid ki te gen yon kokennchenn enpòtans an jen 1990 sou ki leson nou te aprann de Siklòn Hugo. Hugo te frape Charlotte apre li te vanse 200 maylz andedan Eta a anmenmtan li te kontinye soufle van siklòn ki te lakòz domaj yo te evalye a plizyè milyon dola.
Men kèk ekstrè nan Etid la :
"Plan dijans yo dwe jwenn yon fason pou entegre sitwayen yo, ki se yon kokennchenn resous...jwenn fason pou ogmante patisipasyon sitwayen yo."
"Nou bezwen plis fòmasyon pou entèvansyon ijans, non sèlman pou anplwaye piblik yo, men pou tout segman kominote a."
"Idantifye fason pou kreye kontra vwazinaj oswa ekip vwazinaj pou ede nan ka iijans..."
"Idantifye ajans ak biznis ki gen priyorite pou yo asiste yo rekòmanse travay...Magazen alimantè ak bann kapab bezwen plis atansyon ak asistans pase sa yo te panse."
"Nou dwe prete plis atansyon pou katye ki pi pòv yo...sitwayen pòv gen mwnes resous finansye pèsonèl pou ede yo retabli apre yon ijans..."
"Jwenn fason pou entegre ak lejitimize patisipasyon sitwayen yo nan aktivite retablisman apre yon ijans..."
"Fè plis fòmasyon pou ijans, espesyalman pou pèsonèl la k ap travay nan etablisman pou gwoup tankou nan lèkol yo, nan prizon yo ak nan sant pou senyò yo."
"Eksplore fason pou jwenn enfòmasyon bay anplwaye osijè sekirite fanmi yo pandan yon ijans.'' ''Youn nan faktè kle ki an rapò avèk jan pou kenbe kèlkeswa anplwaye a nan travay li... se konesans osijè sekirite fanmi a."
"Tabli yon komisyon entèvansyon ijans biznis pou planifye yon asistans kowòdone biznis anfavè kominote a."
"Jwenn fason pou founi sèvis ba sitwayen san pèdi tan." "Kontakte asosyasyon vwazinaj anvan yon ijans pou idantifye volontè nan katye a."
| Ki wòl manm ekip yo ? |
Si yo fòme kòrèkteman, yo ta :
Fòk w mye pare pou abòde evènman ki sinon ta sanble enposib. Rekonèt Risk potansyèl ki asosye avèk yon evènman an patikilye e fè sa ki apwopriye.
Fè demach pou rive nan yon kote ki san danje e/oswa ede lòt moun fè sa nan yon fason ki pi òdone. Pran yon wòl lidèchip sou lòt moun ki pa fòme pou jere evènman an.
Administre Premye Sekou e/oswa aplike Teknik triyaj yo.
Idantifye, òganize ak itilize resous ki disponib yo.
Evalye bezwen yo, dokimante e kominike avèk otorite lokal yo Ede lòt moun avèk detrès emosyonèl, ki asosye avèk ijans grav ak kondisyon dezas. Pèmèt yon miyò alokasyon resous dijans paske w ap kapab "evalye" yon sityasyon e konseye kòrèkteman entèvenan ijans yo.
| Ki kote nou kapab jwenn manm yo ? |
- Asosyayson Katye/Pwopriyetè kay
- Diplome Akademi Ponpye ak Lapolis
- Anplwaye Lavil ak Konte yo
- Bilding apatam ak biwo
- Endistri Otèl/Motèl yo
- Biznis/Gwoup sivik
- Lekòl/Egliz/Lopital/Kominote pou retrete ak Fwaye pou granmoun
- Kèlkeswa kote moun abite, travay oswa kontre
| Kijan yo pral fòme manm ekip la ? |
Manm CERT yo pral resevwa fòmasyon nan :
- Analiz Preparasyon dezas ak vilnerabilite risk yo
- Sipresyon dife debaz
- Estrateji tretman medikal pou eta sante ki kapab fatal
- Prensip triyaj, evalyasyon ak estabilizasyon pasyan
- Priyorite pou aktivite rechèch ak reskous, resous, teknik ak limit
- Estrateji,taktik ak dokimantasyon CERT yo
- Anviwònman emosyonèl apre-dezas
- Komand/Administrasyon ensidan ak òganizasyon ekip yo
Nou rekòmande pran Klas osijè Resisitasyon kadyak (CPR)/Premye swen. N ap ankouraje moun etidye nan kay grasa Klas Etid lakay Divizyon Jesyon Ijans Eta Florid apfouni ak Ajans Federal Jesyon Ijans. Nou kapab mete etid avanse adispozisyon diplome yo ki enterese jwenn plis fòmasyon nan yon domèn espesifik. Domèn etid sa yo ta dwe anseye swa pa Depatman Ponpye oswa pa lòt Depatman ak Ajans Lavil yo.
| Èske sa pratik pou fòme moun sèlman pou sityayson dezas ? |
Anjeneral, yon DEZAS se yon evènman ki lakòz blesi, moun mouri ak kokennchenn domaj. Epitou li souvan lakòz resous lokal yo pa sifizan pou jere gravite kriz la.
Nan lavi toulejou yo, sitwayen ki pa kapab ede lòt moun konpoze youn nan eleman prensipal ki pral debòde entèvenan ijans ak resous yo e yo va finalman amelyore entansite dezas la nan yon nivo pwofesyonèl ak pèsonèl
|
|
Yo pa konnen sa pou fè si yon kay andomaje.
|
|
|
Yo pa kapab enplemante ak aplike teknik tretman chòk debaz.
|
|
|
Enkapasite pou prepare kòrèkteman anvan yon dezas ak enkapasite pou rekonèt ak idantifye siy danje debaz nan yon zòn oswa yon sityayson apre yon gwo dezas.
|
Sitwayen yo fòme nan fason ki pwopoze a ta dwe kapab Okipe Ijans Kotidyen yo pi fasilman pou yo p ap kreye dezas pèsonèl oswa dezas pwofesyonèl ki sinon ta kapab agrave sityasyon an; e yo kapab konseye demach pre-enptiv yo te pran.
| Èske yo travay veman ann ekip ? |
"Ekip" la, nan sans ki pi jeneral, se yon gwoup sitwayen k ap chèche jwenn fòmasyon e ki gen yon enterè komen pou ogmante konsyans yo osijè pwoblèm ak solisyon ki ta kapab afekte yo, fanmi yo ak katye yo.
Elèv yo frekante klas la ann ''ekip" pou devlope kamaradri ki asosye ak yon gwoup moun ki òganize pou akonpli objektif ansanm.
Nou ankoouraje diplome klas sa a pou retounen nan katye yo e estimile enterè ki nesesè a pou fòme "ekip katye" ki kapab pare e reponn bezwen youn lòt sizoka ta gen yon sityasyon ijans ki pral rive byento oswa k ap rive koulye a.
Neighborhood Watch se yon konsèp ekip kote vwazen yo ap siveye enterè lòt vwazen. Pwogram CERT la ajoute yon nouvo dimansyon nan konsèpt sa a e bay patisipan yo konpetans ak bank konesans ki pèmèt yo abòde anpil pwoblèm ki kapab afekte yon kominote. "Ekip" yo semoun k ap travay pou yon menm objektif oswa yon menm kòz.
| Kijan yon fòme ekip yo ? |
Diplomen Pwogram CERT yo pran konsyans pwoblèm yo ta kapab konfwonte pandan yon ijans grav. Yo pataje enfòmasyon sa yo avèk zanmi nan katye yo.
Pandan zanmi sa yo ap aprann ki enfòmasyon ki disponib ki ta kapab amelyore sekirite fanmi yo, yo pral santi plis enterè nan sèten domèn selon preferans pèsonèl yo oswa yon ekspètiz potansyèl kapab emèje.
Moun pral chèche konesans nan domèn ki enterese yo oswa aktivite yo kapab fè. Sèten moun konpetan pou fè bagay ''pratik''; lòt moun santi yo konfòtab avèk lidèchip, sipò oswa aktivite dokimantasyon.
Piblik Ameriken renmen defi, espsyalman yon defi ki fè yo santi filantwopik (dezenterese), oswa ki ba yo yon santiman "apatenans" nan kominote kote yo abite. Pandan enterè yo pou "nouvo defi sa a" ogmante, kantite moun ki vle antre nan "Nouvo Ekip" sa a ap ogmante nan katye a anmenm tan. Yo nonmen lidè yo, yo asiyen tach yo e yo pwograme fòmasyon pou tout moun kapab santi yo pi byen osijè kapasite yo pou yo pare e fè pati nan "EKIP" lan.
| Èske gen lòt moun ki fè sa tou ? |
Vil Los Angeles te aplike pwogram sa a pou ede sitwayen yo abòde dezas yo pi efikasman apre Tranbleman Whittier Narrows nan lane 1987. Koumanse 1993, yo te fòme 8,000 moun e yo te genyen 225 ekip aktif. Phoenix te kreye yon Klas pou Siviv nan Zòn Ibèn (Urban Survival Course) ki te anseye nan lekòl yo depi jadendanfan rive nan uityèm klas. Li ale pi lwen pase sekrite pou anpeche ensandi pou li anseye timoun konpòtman sekirite pou ede yo siviv tou. Depatman Ponpye Vil Orlando ak Vil Port Orange nan Eta Florid gen menm kalite pwogram tou. Depi kreyasyon yo nan Konte Broward County pandan lane 1996, men lis vil ki gen pèsonèl sètifye kòm enstrikstè :
- Vil Ft. Lauderdale
- Vil Coral Springs
- Port Everglades
- Vil Sunrise
- Town of Davie
- Vil Hollywood
- Vil Pompano Beach
- Vil Pembroke Pines
- Vil Lighthouse Point
- Vil Miramar
- Vil Tamarac
- Hallandale Beach
- Vil Deerfield Beach
Si w bezwen plis enfòmasyon osijè yon pwogram CERT ki pi pwòch w, kontakte Lottie Brown pa imèl nan labrown@broward.org oswa rele Divizyon Administrasyon Ijans Broward (Broward Emergency Management Division) nan (954)-831-3900.
![]()

