Konte Broward - Preparasyon pou siklòn
Preparasyon pou siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Pano Preparasyon pou Siklòn
Paj dakèy Chèche yon Òganizasyon Gid Siklòn de A jiska Z Chwazi lang ou
Pa valab
Pa valab
Pa valab

Pwogram evalyasyon domaj kay sibi nan Konte Broward

Konte Broward ap entrodwi yon nouvo pwogram pou ede idantifye rapidman zòn ki te devaste yo, menm anvan ekip evalyasyon domaj yo kapab drese sityasyon Konte a. Li fasil e se yon gwo sèvis w ap rann kominote a.

Pwogram Evalyasyon Domaj Kay sibi mande pou tout rezidan rapòte domaj kay yo sibi akòz siklòn depi sa posib lè pa gen danje ankò pou yo sòti deyò; pou sa yo dwe rele 3-1-1 oswa konekte sou wèbsayt Konte Broward la nan www.broward.org/hurricane e klike sou Pwogram Evalyasyon Domaj Kay yo sibi.

Men kijan sa mache:

  1. Anvan tanpèt la, enprime foto Evalyasyon Domaj Kay la sibi e kenbe yo nan men ou kòm referans.
  2. Apre tanpèt la pase e pa gen danje pou sòti deyò, fè lis domaj kay w a te sibi yo.
  3. Konpare kay ou ak foto kat kay ki sou paj ou enprime a, e chwazi foto a ki reprezante pi byen eta kay w selon nivo domaj li te sibi a e/oswa nivo inondasyon ki te genyen an. Sa pa fè okenn diferans si w abite nan yon kay pou yon sèl fanmi, yon kondominyòm, yon tawnhawous (mezon an ranje), yon apatman, yon diplèks oswa yon woulòt (mobile home).
  4. Rele nimewo gratis asistans pou siklòn Konte Broward nan 3-1-1 pou fè rapò konsènan domaj kay w te sibi yo. Si pa gen blakawout lakay ou e si ou gen aksè nan Entènèt, tounen nan paj sa a e klike sou Rapòte domaj kay w a te sibi annapre.
  5. Y ap mande w pou w endike adrès lari, vilak kòd postal kote w rete a, ansnam ak nimewo foto ki reprezante pibyen nivo domaj kay w te sibi.

Pa bliye, ou dwe gen foto yo nan men w pou fè yon rapò, paske moun k ap reponn Nimewo gratis asistans pou siklòn yo ap aksepte nimewo "1-4" sèlman pou endike nivo domaj kay ou te sibi ak "5-6" pou endike nivo inondasyon ki te genyen an.

Rapò rezidan yo fè gen anpil enpòtans paske y ap endike bonè ki kote pi gwo domaj yo te rive. Rapò sa yo se pa demann pou asistans endividyèl yo ye e yo pa ranplase evalyasyon sektè pa sektè ekip evalyasyon Konte a pral fè yo.

Rapòte domaj kay w a te sibi

FOTO POU EVALYASYON DOMAJ KAY YO SIBI

Nivo 1 - Pa gen okenn domaj oswa domaj yo pa gav; moun gen dwa rete nan kay la
Nivo inondasyon 6
Nivo inondasyon 5
Nivo 2 - Gwo domaj; moun gen dwa rete nan kay la
Nivo 3 - Anpil domaj; moun pa gen dwa rete nan kay la Nivo 4 - Detwi nèt ale

RELE 3 - 1 - 1 POU RAPÒTE DOMAJ KAY OU TE SIBI oswa klike la.

Pa valab