APATMAN AK KONDOMINYÒM
(Al gade PYE BWA tou) ASANSÈ YO )
PI BON KONSÈY YO
- Rezidan ki abite nan apatman ak kondominyòm ki sitye andedan yon zòn evakyasyon dwe evakye, swa yo dwe ale nan yon lòt kote yo chwazi oswa yo dwe ale nan yon abri. Pèsòn pa ta dwe rete nan bilding la.
- Rezidan yo ta dwe kontakte manadjè oswa pwopriyetè bilding/rezidans si yo gen dout osijè pwoteksyon bilding yo (pa egzanp, pa gen shòtè oswa yo pa kapab enstale shòtè pou kont yo).
- Rezidan apatman ak kondominyòm ki sitye andedan zòn ki pa gen lòd pou evakye ta dwe seleksyone yon kowòdinatè bilding ki gen eksperyans preparasyon pou siklòn, e ki pral montre rezidan yo kijan pou pare pou tanpèt la.
- Manadjè apatman ak kondominyòm ki sitye nan zòn ki pa gen lòd evakye ta dwe tabli yon plan sekirite pou bilding yo pou kapab kowòdone aktivite preparasyon pou siklòn la pou bilding ki gen plizyè lokatè.
Manadjè bilding yo
- Lokalize yon zòn ki san danje kote rezidan yo gen dwa kontre. Di yo pou yo rete lwen fenèt ak pòt koulisant ki fèt ak vit.
- Fè rezèv pou kapab loje lòt moun ki ta kapab kole lè wout evakyasyon yo fèmen akòz tanpèt la.
- Teste si dèlko a mache kòrèkteman.
- Pote tout ekstenktè yo andedan bilding la.
- Tcheke twous premye swen yo.
- Asire w ke tout zouti ak materyo ki ta nesesè pou fè reparasyon disponib fasilman.
- Sekirize pwopriyete a : mete anplas direktiv sekirite pou machin yo ak pou ekipman divètisman (tankou balanswa).
- Bese e deplase antèn televizyon ki sou twa a pou anpeche yo domaje. Antèn televizyon souvan gen kouran ladan yo e ou ta dwa ba yo tan pou kouran an fini : dekonekte televizyon yo bonè pandan preparasyon yo.
- Klike la pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou ki demach ou ta dwe pran pou pare asansè bilding w pou yon siklòn k ap pwoche.
- Si yo otorize l, enstale shòtè (kalite ki apwouve komèsyalman oswa playwoud). Tcheke atach pou w asire shòtè yo byen kole sou mi a.
- Fèmen e take tout fenèt yo ak pòt koulisant ki fèt avèk vit.
- Bese tout stòr yo. Fèmen tout volè ak rido yo.
- Plase sèvyèt ki pliye sou apwi fenèt yo ak andedan fon pòt yo ki debouche sou lakou a pou yo kapab absòbe tout dlo k ap koule.
- Bloke pòt teras la pou anpeche van an brote yo ale.
- Fèmen shòtè yo byen kont mi a pou anpeche van an brote yo ale.
- Wete tout atik ki lach ki sou teras oswa sou pasyo a (plant ki kwoke, chèz sou gazon, elatriye). Pa plase okenn mèb jaden nan pisin la, paske yo ta kapab sibi domaj pandan yon nan pisin la oswa yo ta gen dwa koze domaj si van an brote yo andeyò pisin la.
- Wete objè ki frajil ki sou etajè yo. Ranje yo nan pandri a e leve yo atè a pou pwoteje yo kont vibrasyon tanpèt la.
- Lokalize eskalye ki pwòch w e konte konbyen march ki genyen depi pòt w jiska pòt sòti a (sizoka ta gen blakawout nan koridò a).
- Tcheke e fèmen tout wobinè yo, dekonekte tout aparèy elektrik yo e dekonekte antèn televizyon yo avèk televizyon yo.
- Rete nan apatman oswa kondomiyòm w nan yon pyès ki pa gen anpil oswa ki pa gen okenn fenèt ditou.
- Chwazi yon andwa ki andeyò bilding lan pou manm fanmi w kapab kontre sizoka yo ta mande w evakye.
Mizajou avril 2008
