BATO YO
PI BON KONSÈY YO
Pou kapitèn bato yo
Pon yo ap "verouye nan pozisyon anba" bato p ap kapab sikile, apepre 3 ½è apre yo anonse yon lòd evakyasyon oswa lè van yo atenn 40 maylz pa èdtan, sa ki pami de (2) bagay sa yo rive anpremye. Sa gen dwa dire jiska oswa plis pase 23 èdtan anvan lè pou siklòn la rive sou kòt la.
- Konte Broward gen yon Plan pou flòt ki ede evakye rapidman gwo bato ki mande pou yo louvri pon yo pou yo kapab antre pi fon andedan tè yo, anvan yo fèmen pon yo pou pèmèt evakyasyon moun ki pran machin yo (gade annapre). Ti bato yo ki pa bezwen yo louvri pon pou yo pa bezwen tann pou yo kreye yon flòt (gwoup bato).
- Yo pral endike akilè flòt la prale ak anplasman pò kote bato ki ap patisipe pral rasanble lè ijans akòz tanpèt la prèt pou rive.
PANDAN YON SIKLÒN
Swen pou bato yo
Ti bato (mwens pase 20 pye) Bato yo kapab transpòte
- Si bato a pake lakay w, ou gen dwa kite l sou trelè a oswa estoke l tèt anba dèyè mi kay w.
- Si w kite bato a sou trelè a, dlo ki akimile andedan kòk la gen dwa domaje trelè a. Pou anpeche gen domaj, kite enpe nan lè a sòti de kawoutchou trelè a pou dloa a drene pa dèyè bato a, e bloke wou yo pou anpeche li woule.
- Evite plase ti bato ant bilding yo akòz risk pou gen sa yo rele yon "tinèl van" ki fòme.
- Mare bato a byen : swa ou sèvi avèk ankr bato ki antere anba tè a oswa gwo pye bwa ki gen gwo rasin solid. Sèvi ak bonjan kòd ki solid e pwoteje l pou li pa graje. Tcheke takè bato yo pou wè si yo rezistan. Pa sèvi ak takè ki tou piti oswa ak takè ki vise nan vib de vè (faybèglas). Si sa nesesè, mare kòd la toutotou bato a.
- Si bato a pake yon kote, tcheke kontra a pou wè si marina kote bato a pake responsab pou bato a pandan tanpèt la.
- Motè ak tout ekipman bato yo ta dwe estoke andedan yon batiman, chak fwa sa posib. Ou ta dwe swa wete twa a vwal (kaneva) la oswa woule l byen, poutèt van an pral antre anba li e li pral chire piti piti.
Bato yo pa kapab transpòte
- Bato avwal yo ki nan dlo ki abrite gen dwa koule apre yo wete tout ekipman sou yo. Dlo k ap deplase fò gen dwa domaje yo.
- Sinon, ou ta dwe mare bato a apati de zòn debakadè a grasa omwen de (2) lankr ak kòd nan dlo fon (yon lankr ann avan ak youn dèyè). Bay ase mou (elimine tansyon nan kòdaj la) pou si dlo a monte, omwen 4-5 pye pou lamare.
- Mare bato a omwen 12-15 pye pa rapò ak dòk la. Netwaye tout dren nan kòkpit la e wete tout ekipman ki ta ka domaje si yo rete anba dlo.
- Wete tou dosye konsènan bato a e mete yo nan yon kote ki san danje oswa mete yo andedan yon kontenè etanch (yon bokal an vè, pa egzanp).
- Wete tout pil.
Gwo bato yo (plis pase 20 pye)
Bato yo gen dwa transpòte
- Gwo bato ki transpòtab ta dwe rete andedan batiman yo paske zòn chaj la (diferans ant liy dlo a ak platfòm bato a ki pi wo a) gen dwa aji tankou yon vwal e deplase bato ak trelè a, e bato a gen dwa chavire tèt anba.
- Bato a ta dwe plase nan yon garaj oswa nan yon abri pou machin e machin la ta dwe rete deyò.
- Si bato a rete deyò, ou ta dwe wete tout ekipman ki ladann, netwaye tout dren e yo ta dwe louvri e bloke tout resò trelè a.
- Bato a gen dwa rete nan dlo si li byen mare.
Bato yo pa kapab transpòte
- Kapitèn bato yo ta dwe fè plan avèk mèt yon pwopriyete anvan yo deside monte yon kanal pou mare bato yo yon kote.
- Bato an ta dwe gen ase fyoul abò e ponp asèchman yo ta dwe fonksyone kòrèkteman.
- Ou ta dwe wete tout ekipman pou lapèch ak nenpòt ki bagay ou dwe kite deyò ta dwe mare solidman.
- Si kabin bato a ase gran e si li gen yon rouf, kapitèn bato a gen dwa vle rete abò oswa manevre bato a.
- Kapitèn bato yo pa gen dwa bloke yon kanal lè gen liy ki fòme antravè kanal la pandan gen lòt bato k ap chèche abri, sòf si kapitèn la rete sou bato a, sa ki pèmèt lòt kapitèn bato yo jwenn pasaj paske liy yo sou kontwòl.
- Amar de pòste la ta dwe itilize pou anpeche bato a pwoche kè yo. Si yo sèvi ak lankr pou bato (anchors), asire w ke chenn lan tache sou lankr lan ansanm avèk yon pwa, nan mitan chemen liy la pou ogmante estabilite bato a.
- Ou gen dwa sèvi ak pye bwa pou ranfòse liy lo, men yo dwe vivan e fòk rasin yo laj ak fon anba latè a. Pa egzanp, mangròv se bon pye bwa pou sèvi kòm lankr alòs ke pen Ostralyen pa apwopriye.
- Kaitèn bato k ap flote ansanm dwe gen bon defans, takou pne kawoutchou.
Objektif Plan flòt la se :
- òganize sikilasyon bato yo pou fè yon evakyasyon nan lòd pou rive nan yon pò ki san danje
- kowòdone akilè evakyayson bato yo ap fèt pou yo kapab bloke pon yo anba pou fasilite moun evakye ak machin yo
Ofisye ki responsab PLan Flòt la se Sherif Patwouy Marin Konte Broward la. Komanda Souplas responsab kowòdinasyon operasyon sikilasyon maren pandan ijans yo.
Santkominikasyon pou tout òganizasyon k ap patisipe nan operasyon flòt la se Pòs Kòmann Maren ak Sant regilasyon kominikasyon Depatman Lapolis Fort Lauderdale. Gad Kot Ameriken ak Biwo Sherif Broward voye anplwaye nan Pòs Kòmann Lamarin la pou fasilite kominikasyon avèk Asistan Gad Kot ak reprezantan BSO a.
Pami aparèy kominikasyon ki genyen, gen radyo depatman yo, radyo pòtab ak telefòn. Pon-levi ekipe tou ak telefòn e ak radyo. Bato patwouy ak bato sivil yo sèvi ak radyo, spikè (wo-palè) ak siyal moun fè ak bra/men yo.
Operasyon Plan flòt laOperasyon Plan flòt la dewoule an de (2) faz, e yo kòmanse avèk yon Alèrt Siveyans Siklòn (Hurricane Watch Advisory).
PLAN FLÒT LA
Faz I
Ofisye ki responsab la pral enfòme tout patisipan nan flòt la ke operasyon Faz I yo kòmanse.
- Patwouy marin yo pral sonde vwa navigab yo pou detekte si gen danje (tankou barj) e yo pral chèche konnen kimoun ki mèt yo pou yo kapab deplase yo oswa pou yo mete yon kote ki pa poze risk.
- Mèt bato yo ta dwe ranpli tank fyoul yo anvan yo deplase bato yo pou rive nan yon pò ki san danje, e yo ta dwe estoke ekipman ki sou pon bato (dèk) a.
Faz II
Ofisye ki responsab la enfòme tout patisipan operasyon flòt la ke Faz II kòmanse e ke mouvman flòt la pral sispann 3 ½è apre yo te bay Lòd Evakyasyon an.
- Patwouy Marin Depatman Lapolis Fort Lauderdale pral patwouye onò ak osid New River pou sipèvize e asiste fòmasyon flòt yo.
- Flòt yo ap fòme - onò New River nan zòn Bahia Mar ak osid New River nan zòn Pier 66.
- SO Patwouy Marin pral rete nan pasaj siperyè I-95 ak nan zòn New River pou asiste deplasman flòt yo nan direksyon Lwès.
- Patwouy Marin Eta Florid la pral sou standby. Eta ap otorize entèvansyon yo grasa Sant Operasyon Ijans la.
- Bato Oksilyè Kot Gad Ameriken yo pral deplwaye pou oryante bato yo pou yo antre nan fòmasyon flòt la. Bato Gad Kot Nòmal pral ann alèrt pou founi asistans.
- Tout kominikasyon ak gard-pon yo pral pase pa Sant anvwa kominikasyon Fort Lauderdale (Fort Lauderdale Dispatch Center) e/oswa Pòs Kòmann Lamarin la.
- Pandan flòt la an fòmasyon, yo pral remòke bato ki domaje yo e yo p ap kite yo bloke rivyè a. Patwouy Kòmann Lamarin pal fè yon rapò sou bato ki domaje a.
- Lè Kòmandan Patwouy Lamarin la wè gen ase bato, li pral bay siyal la pou flòt la remonte rivyè a. Pa gen okenn sekans tanporèl ki dikte akilè y ap otorize deplasman flòt yo.
Operasyon flòt yo pral sispann apepre 3 ½è apre yo fin bay Lòd po evakye, pou pon yo kapab bloke nan posizyon anba a pou fasilite sikilasyon machin yo. Ofisye ki responsab la pral enfòme tout patisipan ki konsène ak operasyon flòt la sou kilè flòt la ap sispann vanse.
Divizyon Administrasyon Ijans Konte a pral kontakte Gad Kot Ameriken yo e mande yo pou yo kapab mete tout pon nan pozisyon anba e pou yo vewouye yo anplas.
Patwouy Lamarin yo ap kontinye fè operasyon patwouy jiskaske siklòn la fòse yo antre nan yon abri.
Mizajou an jen 2008
