Konte Broward - Preparasyon pou siklòn
Preparasyon pou siklòn
Konte Broward

BIZNIS YO

Si gen yon lòd evakyasyon ki anonse, tout biznis ki sitye alès Intracoastal Waterway yo dwe evakye.

ANVAN TANPÈT LA

Men kèk demach biznis w ou ta dwe fè, ke li gwo oswa piti, anvan pou siklòn la rive :

  • Kouvri tout fenèt ak pòt an vit ki nan etaj ki bay sou lari ki nan bilding la avèk shòtè, pano oswa lòt materyo pwoteksyon, tankou playwoud oswa masonit.
  • Fè plizyè bakòp done enpòtan ki nan konpitè yo e estoke yo yon lòt kote andeyò biznis la. Kenbe tout chèk, kòmann, dokiman finansye, tit pwopriyete ak veyikil yon lòt kote tou.
  • Mete dokiman enpòtan yo lwen fenèt yo. Sa ki sou etaj ki bay sou lari a ta dwe plase sou de tab oubyen ou ta dwe leve yo atè a sizoka etaj ki bay sou lari a inonde swa akòz efè lamare ki ogmante oswa akòz anpil lapli tonbe.
  • Dekonekte e vlope tout aparèy elektwonik yo ki gen ladann konpitè ki nan gwo sak plastik pou pwoteje yo kont domaj dlo a gen dwa koze. Li ta pi bon si w ta genyen yon rezèv vè ki sou fòm fèy ki epè, tep adezif pou lè kondisyone ak kèk sak sab sou kote pou kapab ranfòse etaj ki bay sou lari a kont dlo inondasyon an. Estoke aparèy elektwonik yo nan kote ki wo e ki sèk.
  • Pran foto biznis/izin w anvan ak apre pou fasilite demann ranbousman asirans oswa kredi fiskal apre tanpèt la.
  • Evalye bezwen w akoutèn ak alontèm ak si biznis w bezwen yon dèlko. Si repons la se wi, fè rezèv fyoul pou li.
  • Ranpli tank veyikil biznis w.
  • Asire w ke enfòmasyon ijans pou kontakte anplwaye yo aktyalize e ke w gen yon plan pou kapab kominike avèk anplwaye yo, ki gen ladann yon nimewo telefòn andeyò lavil la anplwaye gen dwa rele pou kite yon mesaj "Mwen anfòm" pandan yon dezas katastwofik. 
  • Tabli yon politik klè pou siklòn pou anplwaye yo e afiche li alavans.
  • Kite anplwaye w yo ase tan pou ranfòse kay yo e pou fè preparasyon pèsonèl lè gen yon tanpèt k ap pwoche.

Si w ap fèmen biznis/izin la pandan ijans lan :

  • enfòme lapolis lokal si biznis la pral rete vid oswa sipral gen gad sekirite k ap rete souplas. Si gen gad k ap rete souplas, ou ta dwe fè plan pou asire sekirite yo. Yo ta dwe genyen bonjan abri, mwayen kominikasyon, manje ak dlo.
  • Etenn tout kouran k ap antre, fèmen kab elektrik, tiyo gaz ak tiyo dlo. Anvan w remèt yon sèvis anmach, tcheke tout sèvis piblik yo (elektrisite, gaz, dlo). Si w gen dout osijè eta sèvis sa yo, rele konpayi ki konpetan pou okipe pwoblèm sa a.
  • Dekonekte tut aparèy elektrik ak ekipman tankou machin pou ekri, machin pou fotokopye, pou fè kafe, pandil ki mache avèk elektrisite, kalkilatris, elatriye, pou yo pa kreye twòp sirtansyon lè kouran an tounen.
  • Pwoteje tout hòt pou evakyasyon (vent hoods) yo, pèsyèn evakyayson, ak lòt aparèy toujou kont van ak lapli.
  • Fè antretyen ak teste dèlko ijans bilding lan anba chaj pou w asire li kapab mache. Tcheke tout ekipman, sèvis piblik (dlo, gaz, kab elektrik) ak bagay pou bay premye swen. Repare e ranplase bagay ki pa mache byen, si sa nesesè.
  • Tcheke dren ki anlè twa bilding lan pou asire w yo pa gen anyen k ap bloke yo e yo kapab drene gwo lapli ki vini anjeneral avèk yon siklòn. Dren twa a ki bouche gen dwa fè twa a tonbe akòz pwa dlo ki akimile sou li a, oswa li gen dwa pwovoke domaj andedan bilding la si dlo ki sou twa a vin twò fon e li kouvri tiyo vantilasyon yo e si dlo a koule andedan bilding la.
  • Deplase oswa menne tout plant ki nan po oswa lòt objè dekoratif andedan bilding la si van an ta kapab brote yo ale.
  • Tcheke park anmagazinaj la pou wè si ta gen materyo van an ta gen dwa brote ale. Ranfòse tout bagay ou pa kapab pote andedan batiman an.
  • Ou kapab ranfòse bèn Dumpster (gwo kontenè fatra yo) si w mare de (2) oswa plis ansanm avèk yon kòd oswa avèk chenn e bloke wou yo. OU gen dwa tache you tou sou yon pye bwa oswa yon pilòn telefòn, si genyen.
  • Deplase vwati chemen dfè, si sa posib.
  • Pare yon twous siklòn pòtab ou kapab pote avèk w apre ou fin ranfòse biznis w. Sa enkli kopi dokiman enpòtan, tankou plan rejyon an, plan chitekti, kontra asirans, yon radyo ki mache ak pil,pil, yon telefòn ki rezistan, yon konpitè, yon kamera ak nenpòt ki lòt bagay ki enpòtan pou biznis w kapab mache

APRE TANPÈT LA

Apre yon ijans :

  • Biwo Devlopman Ekonomik Konte Broward te tabli yon rezo etablisman pou sekou apre yon dezas yo rele Sant Retablisman pou Biznis (Business Recovery Centers). Sant yo fèt pou founi sèvi ki gen ladann enfòmasyon sou retablisman apre dezas ak aksè nan pwogram asistans finansyè. Sant yo pral kòmanse mache depi aktivite pou retabli rejyon an apre dezas la kòmanse.
  • Lè tanpèt la fin ale, fè reparasyon tanporè pou anpeche moun vin piye biznis w oswa pou anpeche gen plis domaj toujou.

Mizajou an jen 2008

Tounen nan Tab dè Matyè