KIJAN POU SÈVI SAN DANJE AVÈK YON SI ELEKTRIK
Apre yon gwo loraj oswa yon siklòn, mèt kay yo ap enpasyan pou ale deyò e kòmanse netwaye pye bwa ak branch kase ki tonbe, men si yon travay ki souvan pral mande pou yo sèvi avèk yon si elektrik. Li toujou pozitif pou sonje kèk pratik sekirite, menmsi ou gen yon ti eksperyans oswa anpil eksperyans sou kijan pou sèvi avèk yon si elektrik. Pa bliye, yon si elektrik ki mache a plèn pwisans kapab deplase a 50 maylz pa èdtan, e li mande moun fè trè atansyon pou pa blese.
TANPRI- Li tiliv itilizatè a byen anvan ou sèvi avèk yon si elektrik.
- Fè tout espektatè ak bèt yo sòti nan zòn kote w ap koupe a.
- Travay avèk yon asosye, si sa posib.
- Pote rad pwoteksyon : yon kask, linèt plastik, soulye solid, gan ak rad ki pa twò gwo sou w.
- Remake tout danje ki anlè tèt w, ki gen ladann branch pye bwa ak kab sèvis leta (dlo, gaz, elatriye).
- Kenbe chèn la pwòp, file ak librifye.
- Fè atansyon avèk fyoul la.
- Rete atè a, pa eseye koupe sou yon nichèl.
- Rete sou kote, lè w ap sèvi avèk si a..
- Koupe avèk tout pwisans motè a; fè si a mache avèk tout pwisans anvan ou kòmanse koupe.
- Kenbe toulede men w sou manch si a.
- Kite si a estòp nèt anvan w manyen chèn oswa lam la.
- Achte chenn ranplasman ki gen bon dimansyon ak bon kalite chenn lan e pran san w pou enstale li selon enstriksyon fabrikan an.
- Lè w ap sèvi avèk yon si elektrik, sèvi ak yon fil elektrik ki kalibre itilizasyon andeyò kay la.
- Koupe bwa sèlman. Salte ak wòch pa janm ta dwe manyen chenn lan.
- Fè atansyon avèk ti branch yo -- branch ki piti gen dwa aji tankou yonr esò lè w ap koupe yo.
- Ajiste kontè ki endike pwofondè a chak fwa ou file chenn la.
- Byen tann chenn elektrik la (tansyon ki apwopriye). Yon chenn ki lach gen dwa sòti nan bar direksyon an e li gen dwa frape moun k ap sèvi avèk li.
- Pa manyen pati ki redui bri aparèy la ap afè (mòflè) li li cho.
- Pa koupe anyen ki pi wo pase pwatrin w.
- Pa sèvi ak bar la kòm apwi; li la pou oryante ak sipòte chenn koupant la.
- Pa antre tout pwent la nan bwa a.
- Pa peze oswa fòse si a antre yon kote. Kite si a fè travay la. Si w jwenn ou dwe peze sou si a, stòp e file chenn la.
- Pa remete fyoul nan yon si ki toujou cho.
- Pa kite si a tonbe epi apre sa ou limen li.
- Pa sèvi avèk yon si lè w ap bwè alkòl, w ap pran dwòg oswa lè w bouke.
Mizajou an jen 2008
