Konte Broward - Preparasyon pou siklòn
Preparasyon pou siklòn
Konte Broward

INONDASYON

Yon alèrt pou inondasyon eklè vle di ke yon inondasyon k ap monte dousman posib nan zòn w nenpòt kilè pandan pwochen èdtan yo. Yon alèrt pou inondasyon eklè vle di yon inondasyon deja kòmanse oswa pral rive byento nan zòn w, e w ap petèt dwe evakye pou alen yon kote ki pi wo. Dlo loseyan k pa monte anplis de inondasyon eklè akòz kokennchenn lapli a, fè ke premye danje pandan siklòn se nwayad.

ANVAN INONDASYON AN

Pwoteje kay w

  • Aprann konnen danje inondasyon yo ak wotè elevasyon zòn w. Enfòmasyon sa a disponib nan men depatman planifikasyon minisipalite w.
  • Chwazi yon zòn ki san danje kote w kapab jwenn refij e pare yon plan evakyasyon.
  • Pa bliye asirans pou mèt kay (homeowner insurance ) ak pou tanpèt van (windstorm) pa kouvri inondasyon. Se Gouvènman federal la ki jere Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon an. Se ajan asirans yo k ap vann kontra asirans. Chèche wè si w pa ta dwe pran asirans, menmsi ou rete nan yon zòn ki pa gen risk inondasyon. Zòn w ta kapab inonde yon fwa oswa de fwa pandan yon syèk (100tan).
  • Kenbe dokiman asirans, dokiman enpòtan w ansanm ak lòt objè de valè nan yon kòfre-fò.
  • Estoke yon radyo pòtab, yon flach ak pwovizyon ijans.
  • Vide tout debri ki nan basen kaptasyon yo, nan kouvèk dren ak rigòl drenaj yo.
  • Wete tout bagay ki lach ki ta kapab anpeche drnaj dlo a (tankou poubèl fatra yo).
  • Dekonkete ponp pisin yo.
  • Leve aparèy menaje ak atik pèsonèl w àtè a, koupe manèt elektrisite prensipal la pou koupe telefòn, dlo ak gaz la e evakye pou ale nan yon andwa ki san danje.
  • Fèmen valv gaz prensipal la si w gen entansyon evakye kay la.

PANDAN INONDASYON AN 

Faz siveyans lan

  • Mete sak sab (si sa posib) dèyè chak fenèt ak chak pòt.
  • Deplase mèb ak lòt atik pou mete yo yon konte ki pi wo oswa leve yo atè a.
  • Ranpli tank gazolin machin w.
  • Koute radyo oswa televizyon an pou resevwa enfòmasyon ki resan.

Faz avètisman

  • Sèvi avèk telefòn pou ijans kote moun kapab mouri sèlman.
  • Evakye, si sa nesesè, e swiv enstriksyon yo.
  • Pa mache ni kondwi nan zòn ki inonde yo.
  • Pa monte sou pon ki kouvri ak dlo.
  • Pa depase baryè k ap bloke wout yo.
  • Rete lwen kanal ak vwa maritim pandan gwo lapli yo.
  • Pa antre nan kanal ki resevwa dlo lapli yo ni nan fose irigasyon yo.
APRE INONDASYON AN
  • Koute yon radyo pòtab pou jwenn enfòmasyon.
  • Bouye dlo jistan li fè bil pandan yon minit pou tiye tout bakteri yo.
  • Ponpe dlo tout pui e teste pirte dlo a anvan ou eseye bwè l.
  • Sèvi avèk yon flach pou tcheke si gen domaj akòz gaz, dlo ak kab elektrik.
  • Toujou trete fil/kapab elektrik yo tankou si yo te gen kouran ladan yo. Si w etenn elektrisite a, etenn disjonktè endividyèl yo anpremye, answit etenn disjonktè prensipal la.
  • Pa ale nan zòn dezas yo.
  • Pa sèvi avèk telefòn yo sòf si gen yon ijans.
  • Pa sèvi avèk veyikil yo, sòf si se yon ijans.
  • Lè w ap kondwi nan ri ki inonde yo, sa kapab fè vag ki voye dlo andedan kay ak bilding yo.

LÈ W AP TOUNEN NAN YON KAY OSWA YON BIZNI KI INODE

Si w gen dout konsènan eta sistèm elektrik kay oswa biznis w akòz inondasyon an, rele anplwaye leta oswa elektrisyen ki sètifye.

Anvan ou antre andedan yon bilding ki inonde

  • Enspekte bilding la Asire w pa gen okenn domaj estriktirèl ak si bilding la pa gen dwa tonbe.
  • Gade byen pou wè si gen twou atè a, planch ki pa solid, plat k ap pann oswa ki detache, sèpan ak lòt danje.
  • Pa kanpe nan dlo a lè w ap manyen switch yo, lè w ap konekte oswa dekonekte aparèy yo ak lè w ap remete disjonktè yo oubyen lè w ap ranplase fizib yo.
  • Evakye touswit si w pran sant gaz natirèl ki santi menmjan ak ze pouri, oswa lè w wè yon tib gaz ki kase. Louvri fenèt la pou ayere zòn lan oswa kite yon pòt louvri. Pa limen alimèt, pa limen okenn limyè ni pa sèvi avèk telefòn la. Rele sèvis dlo, gaz oswa telefòn w andeyò kay la.
  • Pa fimen ni sèvi avèk okenn dife jiskaske konpayi gaz la deklare pa gen danje.
  • Pa aktive okenn switch elektrik oswa aprèy jiskaske yo verifye tout sitèm elektrik la.
  • Pa eseye retabli disjonktè ni ranplase fizib yo jiskaske tout dlo a ale. Fè atansyon. Sèten sikui ki anwo nivo inondasyon an toujou gen dwa gen kouran ladan yo.
  • Dekonekte tout aparèy elektrik yo anvan ou eseye retabli disjonktè oswa ranplase fizib yo. Pa bliye mete soulye ki sèch avèk semèl kawoutchou e kanpe sou yon bagay ki sèch e ki pa kondui elektrisite, tankou yon mòso bwa ki sèch oswa yon mèb anbwa.
  • Sèvi avèk yon "zouti" ki pa kondiktè tankou yon baton anbwa oswa yon mòso tib PVC nan yon men lè w ap retabli disjonktè yo. Plase lòt men an dèyè do w. Pa tabli manyen bwat metal disjonktè a ak lòt objè ki atè a ki nan zòn lan.
  • Rele yon elektrisyen ki gen lisans li si disjonktè yo p ap retabli e si yo kontinye deklanche. Si li kontinye deklanche, sa ta kapab endike gen yon kou-sikui nan sistèm elktrik w.
  • Tcheke pou wè si gen domaj dlo a koze nan tout aparèy yo e asire w kab ansnam ak lòt pati yo sèch anvan ou rekonekte yo nan priz ki sou mi yo.
  • Dekonekte yon aparèy touswit si yon disjonktè deklanche, si yon fizib boule oswa si w wè lafimen oswa ou pran sant yon bagay k ap boule. Mande yon pwofesyonèl aparèy elektrik vin tcheke l.

Apre w antre andedan yon bilding ki inonde

  • Ouvri fenèt ak pòt yo pou pèmèt lè a sikile nan tout kay la pou elimine tout move sant oswa gaz ki chape yo.
  • Pa bwè dlo nan robinè kay la sòf si yo te deklare dlo a san danje nan zòn lan. Sa vle di pa bay bèt w dlo a e pa sèvi avèk li pou benyen, netwaye, kwit manje, bwose dan w, fè krèm alaglas oswa fè preparasyon pou tibebe avèk li.
  • Ou pa ta dwe bouyi fò dlo kontamine a pandan yon minit pou tiye tout bakteri ki bay enfeksyon yo. Si w pa gen kouran, ou kapab melanje 8 gout (1/8 tikwiyè) blitch ki pa gen sant e ki fèt pou kay pou chak galon dlo e kite melanj la kanpe pandan 30 minit. Si dlo a twoub, ajoute 16 gout e kite melanj la kanpe pandan 30 minit. Si gout la pa twò bon, ou kapab amelyore l avèk yon pense sèl. Nan ka ijans, ou gen dwa jwenn ti kantite dlo konsa : drene yon tank dlo cho oswa fè fonn kèk kib glas.
  • Jete atik ki te an kontak avèk dlo inondayson yo sa ki gen ladann vyann fre, volay, fui ak legim, manje ki deja pare e ki deja fèt, medikaman ak kosmetik nan kontenè ak sak an katon ak lòt pake ki pa fèmen trè fò (èmetikman).
  • Jete tout bagay ki nan kontenè anvè ki gen bouchon vise oswa boutèy ki gen kapsil-kouwòn si kontenè yo te anba dlo inondasyon yo. Sa gen ladann manje ki nan bokal anvè yo.
  • Lave byen e esterilize tout fouchèt/kouto/kwiyè ak tout ekipman ki te nan dlo inondasyon yo.
  • Ponpe oswa wete tout dlo ki rete a e wete avèk yon pèl tout labou a pandan li mouye. Sa pral pèmèt mi ak atè a seche e sa va redui posibilite pou gen plis domaj nan estrikti kay la.
  • Grate tout kote gen bwa ak planche avèk yon bwòs di, anpil dlo ak detèjan pou wete labou ak limon nan kwen, nan twou ak nan fant yo. Toujou kòmanse lave mi a pa anba; epi kontinye monte. Si w kòmanse pa anlè a, sa pral kite tras dlo sou mi a.
  • Brote mèb ki te anba dlo yo deyò kay la e wete tirwa yo ansnam ak lòt pyès mobil yo san pèdi tan. Netwaye tout labou ak limon an avèk dlo frèt. Pa kite mèb anbwa yo anba limyè solèy poutèt yo gen dwa defòme.
  • Mèb ki ranboure, espesyalman pyès yo ki te rete anba dlo oswa ki domaje anpil, netwaye e seche yo e pote yo bay yon ranbourè ki konpetan.
  • Netwaye metal la touswit. Ou gen dwa siye metal la avèk yon tisi ki plen kewozèn apre w fin netwaye ak seche li.
  • Plase objè valè (dokiman, èv boza, tablo, elatriye) nan yon depo frèt pou anpeche mwazisi jiskaske yon ekspè kapab estoke yo.
  • Leve mokèt (papye pen) la pou pèmèt lè a sikile andedan li.
  • Blanchi dra ak rad yo oswa voye yo nan yon dray-klinè touswit.

Mizajou an jen 2008

Tounen nan Tab dè Matyè