Konte Broward - Preparasyon pou siklòn
Preparasyon pou siklòn
Konte Broward

MANJE
(Al gade PYE BWA tou) REFRIJERATÈ AK FRIZÈ)

PI BON KONSÈY YO

  • Estoke pwovizyon pou atik manje ki pa bezwen yo kwit yo oswa yo mete yo nan frijidè.
  • Achte ase manje pou twa (3) a senk (5) jou, ki gen ladan manje ki pa perisab ki anbale oswa ki anbwat, lèt ki anbwat oswa lèt an poud, kònfleks (sereyal) ak ti gato.
  • Fè yon Twous Kwizin pou Siklòn (gade pi ba).
  • Pare sèlman sa ki nesesè pou yon sèl repa.
Twous Kwizon pou Siklòn
  • Louvre-bwat manyèl
  • Ouvre-boutèy
  • Asyèt papye
  • Sèvyèt papye
  • Fouchèt-Kouto-Kwiyè an plastik
  • Lòt bagay ki ranplase yon fou elektrik
  • Fou a gaz
  • Gril ki mache ak gaz
  • Gril avèk chabon (pou itilize l andeyò kay la sèlman)
  • Stèrno (chalè anbwat)

PA JANM SÈVI AVÈK CHABON ANDEDAN KAY W OSWA ANDEDAN GARAJ W
Fime ak gaz yo mòtèl.

RESOUS KI AN RAPÒ AVÈK SIJÈ SA A

Mizajou dawout 2008

Tounen nan Tab dè Matyè