DÈLKO YO
Ki dimansyon jeneratris pibon pou w ?
Pou kapab deside ki kapasite jeneratris ou bezwen pou lakay w, chwazi ki egzijans elektrik aparèy ou panse ou gen dwa itilize lè w sèvi ak yon jeneratris. Adisyone kantite wat total ki nesesè pou fè aparèy yo mache. Si w vle sèvi ak aparèy ki gen yon motè, yo gen dwa mande plis pwisans pou demare pase sa yo itilize lè y ap mache. Pa egzanp, yon refrijeratè ki bezwen 1,200 wat pou mache, gen dwa bezwen jiska 3,000 wat pou demare.
Gen twa dimansyon jeneratris ki tipik :
Jeneratris 3,550 wat gen dwa fè mache :
yon frijidè
yon televizyon
Yon aparèy lè kondisyone (10,000 BTU)
4 Limyè (75 wat chak)
Jeneratris 5,000 wat gen dwa fè mache :
yon frijidè
yon televizyon
Yon aparèy mikwo-onn (1,000 wat)
Yon aparèy lè kondisyone (10,000 BTU)
4 Limyè (75 wat chak)
Yon sirjelatè (chanm fwad)
Jeneratris 8,000 wat gen dwa fè mache :
yon frijidè
yon televizyon
Yon aparèy mikwo-onn (1,000 wat)
½Yon ponp pou pwi dlo HP
yon sistèm sekirite
Yon aparèy lè kondisyone (10,000 BTU)
8 Limyè (75 Wat chak)
Yon sirjelatè (chanm fwad)
yon fou elektrik
yon aparèy pou louvri pòt garaj la
Dèlko ki pòtab itil lè yo bezwen elektrisite tanporè oswa a distans, men gen risk potansyèl ki asosye avèk dèlko yo. Si w gen entansyon sèvi ak yon dèlko sizoka te gen yon blakawout, ou ta dwe fè demach anvan tanpèt la rive pou pwoteje tèt w kont danje fime motè toksik, risk elektrik ak risk ensandi.
- Pou anpeche anpwazònman ak monoksid kabòn ki sòti nan gaz toksik motè yo, enstale yon alarm monoksid kabòn ki mache avèk pil oswa alam anfichab avèk pil de sekou lakay w, selon enstriksyon enstalasyon fabrikan an. Alarm yo ta dwe sètifye selon egzijans konsènan dènye estanda sekirite pou monoksid kabòn (UL 2034, IAS 6-96 oswa CSA 6.19.01).
- Teste alarm w yo souvan e ranplase pil ki fèb yo.
- Teste dèlko w chak ane anvan koumansman sezon siklòn la
Jen 1.
APRE TANPÈT LA
- PA JANM sèvi avèk yon dèlko andedan kay w, ki gen ladann nan garaj, nan kav la, nan galri oswa nan lòt zòn ki tout fèmen oswa ki pasyèlman fèmen, menm si gen vantilasyon. Dèlko yo gen dwa pwodui anpil monoksid kabòn trè rapidman. Ou kapab ni wè ni santi monoksid kabòn la, e si w ekspoze ak pwodui sa a, ou gen dwa vin pèdi konsyans oswa mouri trè vit.
- Si w louvri pòt ak fenèt yo oswa w sèvi ak vantilatè, sa p ap anpeche monoksid kabòn akimile andedan kay w.
- Eseye pa deranje vwazen w yo e plase dèlko w lwen fenèt chanm a kouche yo kote bri a kapab anpeche moun dòmi.
- Ploge aparèy yo dirèkteman nan yon dèlko pòtab. Oswa, sèvi avèk yon kab ekstansyon ki solid e ki kapab rete deyò.
- Tcheke rekòmandasyon fabrikan an e respekte yo pou kapab sèvi e chaje avèk aparèy la kòrèkteman.
- Chak dèlko gen yon wataj ki kalibre, ki limite kantite aparèy li gen dwa founi elektrisite san danje. Adisyone wataj divès aparèy yo e PA DEPASE wataj total kalibre fabrikan an pou dèlko a.
- Pa eseye konekte yon dèlko sou pano eletrik prensipal yon kay oswa yon biznis. Sèl yon elektrisyen ki gen lisans li kalifye pou fè travay sa a.
- Si w mal konekte li ak yon pano prensipal, kouran an gen dwa "tounen" sòti nan dèlko a (ki ge ladann dèlko pou karavan RV) pou rive nan kab sèvis piblik yo e sa gen dwa blese yon vwazen, yon byen oswa ekip sèvis piblik yo k ap travay pou retabli sèvis w.
- Si w gen dout osijè kijan dèlko w mache, rele yon elektrisyen ki gen lisans li.
- Kenbe yon bon rezèv fyoul e estoke l asan danje andeyò kay la nan yon kontenè sekirite ki make kòrèkteman e ki pa an vitre. Pa estoke l bò kot aparèy ki brile fyoul tankou chofo oswa sechwa ki mache ak gaz natirèl.
Pou pwoteje tèt w ont fime toksik ki sòti nan motè :
Pifò desè ki akòz dèlko rive poutèt anpwazònman avèk monoksid kabòn, ki se yon rezilta fime motè toksis dèlko yo pwodui andedan kay yo oswa nan kote ki pasyèlman fèmen.
- Si w kòmanse santi w malad, tèt w ap vire oswa ou santi feblès ap pran w pandan w ap sèvi avèk yon dèlko, sòti nan lakou a TOUSWIT. PA PÈDI TAN.
- Si w santi sentòm ki grav, al jwenn swen kay doktè touswit. Avèti pesonèl medikal la ke w panse se anpwazònman ak monoksid kabòn.
- Si w santi kèk sentòm pandan ou andedan kay la, sòti deyò bilding la e rele depatman ponpye. Pa retounen nan bilding la jiskaske depatman ponpye a di w pa gen danje ankò.
Pou pwoteje tèt w kont danje elektwokisyon :
Pandan w ap manipile yon dèlko pòtab, fè atansyon pou evite de (2) danje : chòk ak elektwokisyon.
- Kenbe jeneratè a sèch e pa sèvi avèk li anba lapli oswa lè li fè imid. Pou pwoteje l kont imidite, sèvi ak dèlko a sou yon sifas ki sèch anba yon estrikti ki ouvri e ki gen fòm yon ovan (tant). Seche men w si yo mouye anvan ou manyen dèlko a.
- Ploge aparèy yo dirèkteman nan dèlko a oswa sèvi avèk yon kab ekstansyon ki solid e ki fèt pou itilize andeyò kay la ki kalibre (an watt oswa an anpè) omwen avèk yon wataj ki egal ak adisyon tout chaj aparèy ki konekte yo. Tcheke tout kab la pou wè si li pa koupe oswa ize e verifye ke plòg la gen tout twa (3) bròch de mas yo (tij), espsyalman priz de mas la.
- PA JANM eseye ploge dèlko a nan yon priz nan mi a pou founi kouran nan kay la: se sa yo rele "alimantasyon envès". Se yon pratik ki trè danjre ki konpòte risk elektwokisyon pou travayè sèvis leta aayo ak vwazen ki sèvi avèk menm transfòmatè sèvis leta yo. Li kontoune tou sèten nan aparèy pwoteksyon sikwi ki entegre nan kay la.
- Si w dwe konekte dèlko a avèk kablaj kay la pou fè kouran a rive nan aparèy yo, mande yon elektrisyen ki kalifye enstale ekipman ki apwopriye a konfòmeman ak kòd elektrik lokal yo. Oubyen, tcheke avèk konpayi sèvis piblik w a pou wè si li kapab enstale yon switch transfè elektrisite (transfè pwisans).
Konsènan blakawout, dèlko estasyonè ki enstale pou tout tan pli pratik pou founi kay la ak elektrisite, lè en pann kouran. Menm yon dèlko pòtab ki kòrèkteman konekte kapab vin sirchaje. Sa gen dwa pwovoke aparèy la chofe oswa konpozan dèlko al gen dwa ap travay twòp, kifè dèlko a gen dwa gen yon pann.
Pou pwoteje tèt w kont risk ensandi :
- Pa janm estoke fyoul pou d`leko w andedan kay w. Ou ta dwe estoke gazolin, pwopan, kewozèn ak lòt likid ki kapab pran dife andeyò andwa kote moun viv nan kontenè sekirite ki byen make e ki pa fèt an vitre.
- Pa estoke fyoul dèlko a akote yon aparèy ki mache avèk fyoul, tankou yon chofo ki mache avèk gaz natirèl andedan yon garaj. Si fyoul la koule oswa kontenè a pa fèmen kòrèkteman, gen vapè ki envizib ki sòti nan fyoul la ki gen dwa deplase toupre atè a e limyè temwen aparèy la oswa ark switch elektrik aparèy la gen dwa fè yo pran dife.
- Anvan ou ranpli dèlko a ankò, etenn li e kite l refwadi. Gazolin ki koule sou pyès machin li lè l cho gen dwa pran dife.
Mizajou an jen 2008
