|
|
|
Gid d'Acha pou Twous Siklòn
[Kijan pou sèvi Gid d'Acha a] [Gwoup alimatè pou Gid d'Acha a]
[Semèn 1 - 8] [Twous Premye Sekou] [Twous Premye Swen pou Bèt]
| Kijan pou sèvi ak Gid d'Acha a |
 |
Alòske sezon siklòn la ap pwoche (1 jen - 30 novanm), nou ankouraje tout rezidan pare e pou yo kreye yon plan siklòn pou fanmi yo e pou yo konstitye yon twou ravitayman sizoka ta vin gen yon siklòn ki frape rejyon yo. Preprasyon sa yo enpòtan pou kapab travèse san danje yon tanpèt oswa nenpòt ki lòt dezas.Gid d'Acha an wit (8) semèn la endike ki atik de baz ki nesesè pou w kapab okipe fanmi w ak oumenm pandan 3-5 jou apre yon tanpèt ki ta kapab kite w san elektrisite ak dlo potab. Si w ajoute kèk atik nan lis d'acha w nòmal w chak semèn, se fason ki pi fasil pou konplete Twous pou siklòn w san sa pa enpakte bidjè w twò fò. Gid sa a gen ladann tou enfòmasyon pou prepare yon Twous Siklòn pou tibebe, pou granmoun ak pou bèt w yo. Gen yon gid 'kijan pou fè' pou kreye yon plan familyal e pou asamble yon twou premye sekou ladann.
|
| Gwoup alimantè yo pou Gid d'acha |
 |
Atil nan Gwoup alimantè Pen tankou Biskwit, ti baton pen sèk, pretzèl, tost mèlba, ri ak gato diri, kònfleks, spageti sèk, baton nitrisyonèl, pen (kite l nan frizè jiskaske ou bezwen l)
|
 |
Atik nan Gwoup Vyann tankou: ton ki nan bwat fè blan oswa ki anbale, poulè/denn, vyann, soup ak pwa oswa vyann, sadin, pwa, chili avèk vyann oswa pwa, ravyoli/spageti, janbon/pò, ragou, sosison vyennwa, manba ak nwa e bèf ki pare komèsyalman oswa jerki bèf
|
 |
Atik nan Gwoup pwodui letye tankou: lèt ki konsève lontan (kenbe l nan yon kote ki fre apre ou fin louvri l), lèt an poud (w ap bezwen plis dlo pou pare l), pouding nan bwat fè blan ak nan bwat (sou etalaj magazen alimantasyon, pa nan seksyon refrijeratè a), bwason nitrisyonèl (pa egzanp, Ensure)
|
 |
Atik ki fè pati nan Gwoup legim anbwat, tankou: legim anbwat, tout kalite soup (kèp soup noodles ki gen spageti ladann, ki anbwat), salad 3-pwa anbwat Atik ki fè pati nan Gwoup Fwi tankou Fwi anbwat, konpòt pòm, fwi sèk (rezen, dat, abriko, elatriye) ak 100% ji fwi (pa bweson fwite oswa ponch)
|
 |
Aliman rekonfò Goute ki bay enèji tankou trail miks, granola ak tibaton fwi, ti gato, bonbon ki di, piwouli, kafe enstantane, sachè te
|
 |
Atik pou Tibebe ak Timoun Asire w ou mete gwo kantite manje, preprasyon pou tibebe (dlo), ji, kouchèt ak sèvyèt pou siye tibebe yo. Si w gen entansyon ale nan yon Abri Kwa-Wouj Ameriken, pote twous tibebe w ansanm avèk yon pousèt, yon bèso pliyab oswa yon pak pou tibebe yo jwe.
|
 |
Atik pou Granmoun Twous w ta dwe genyen dlo ak bagay pou manje ki respekte bezwen alimantè tankou bweson ki gen sipleman nitrisyonèl ak manje ki pa gen anpil sèl ladann. Pa bliye mete ase kantite medikaman ak medikaman sou preskripsyon pou yo dire de (2) semèn.
|
| |
Nòt : Anvan ou achte manje enstantane, pa bliye mete ase dlo pou rekonstitye manje a ak yon recho pou kwit manje a. Ou kapab sèvi avèk yon recho kanping e yon chof-pla/kakelon avèk stèrno. Ou gen dwa achte chabon ki limen fasil pou gril BBQ ki limen andeyò kay w. Pa janm sèvi ak youn nan sous pou kwit manje sa yo andedan kay oswa garaj w. Toujou kwit manje andeyò kay la. |
| Premye semèn |
|
|
|
|
| Dezyèm semèn |
|
|
|
|
| Twazyèm semèn |
|
|
|
|
| Katriyèm semèn |
|
|
|
|
| Senkyèm semèn |
|
|
|
|
| Sizyèm semèn |
|
|
|
|
| Setyèm semèn |
|
|
|
|
| Wityèm semèn |
| Lòt pwovizyon : |
 |
yon flach avèk pil
|
 |
kontenè pòtab etanch an plastik avèk kouvèk pou fè twous siklòn la ak pou mete dokiman enpòtan yo |
|
8yèm semèn Nòt pou Gid d'Acha pou Twous siklòn : men li nou konseye a pou yon fanmi kat (4) moun. Ajoute lòt atik selon kantite moun ki nan fanmi w.
Ou dwe genyen lojisyèl pou dechifre PDF si w vle konsilte dokiman ki kreye sou fòma yo rele Fòma dokiman pòtab (PDF). Adobe Systems, Inc. founi Acrobat Reader gratis. Vizite sit web Adobe pou lojicièl sa a.

|
|
|