|
|
|
Gen anpil opòtinite pou volontè travay nan Konte Broward, e nou pa janm bezwen volontè konsa pase pandan aktivite retablisman apre yon siklòn oswa yon lòt kalite ijans fèk fin rive. Divizyon administrasyon ijans Konte Broward ankouraje tout rezidan ki enterese pou tounen volontè apre yon tanpèt oswa kèlkeswa ijans la, pou yo kontakte youn nan patnè entèvansyon pou ijans Konte a.
|
Kwa-Wouj Ameriken Sikisal Konte Broward bezwen volontè pou sant evakyasyon akòz siklòn yo. Volontè yo ta dwe genyen omwens 18 lane e yo dwe pase yon kontwòl pou tcheke referans yo.
|
|
|
Misyon Sant pou Lavi endepandan nan Broward (Center for Independent Living) se pou ofri asistans ba moun ki andikape pou yo kapan atenn objektif pou viv yon fason ki endepandan ak otonòm. Sant la ede yo jwenn travay, aprann yon konpetans pou kapab viv yon fason ki endepandan, li ofri teknoloji asistiv ak lojman. Y ap mande volontè yo pou yo founi anpil sèvis pou moun ki andikape anvan, pandan ak apre yon tanpèt, ki gen ladann pran kontak, evalyasyon bezwen yo, tabli rejis pou volontè ak konsomatè, kontakte moun yo anvan ak apre tanpèt la, ede prepare kay moun sa yo anvan tanpèt la rive, rasanble ak livre pwovizyon pou siklòn ak reparasyon apre tanpèt la. Pou kapab volontè, rele nan 954-722-6400 (Vwa/Malantandan TTY).
|
|
|
A Ekip Entèvansyon kominotè pandan Ijans (CERT) se yon gwoup òganize ki resevwa yon fòmasyon espesyal pou kapab amelyore kapasite yo pou rekonèt, reponn ak retabli apre yon ijans grav oswa yon sityasyon dezas. CERT yo òganize anba lidèchip ponpye oswa otorite lapolis ki gen jiridiksyon sou zòn kote CERT a pral founi sèvis. Antan ekip ki òganize, CERT founi sipò ki gen anpil valè ba entèvenan pwofesyonèl pou ijans yo ki gen dwa rive anreta akòz kalite e/oswa gravite evènman an. Se ofisye sètifye Depatman Ponpye ak/oswa Depatman Lapolis ki antrene manm Ekip Entèvansyon kominotè yo pandan ijans nan zòn k ap ede rezidan yo pran swen tèt yo ak lòt moun si ta gen nesesite pandan yon gwo ijans oswa katastwòf.
|
|
|
Vwazen ki Vin ann Èd (Neighbors to the Rescue) "antrepo vityèl" baze nan kominote a, veyikil kominote a kontwole pou ede moun retabli aprè yon dezas. òganizasyon sa a ede kominote yo siveye atik ki gen anplis ak sèvis yo bay gratis epitou li fè yo koresponn ak moun nan menm zòn ki te pèdi tout byen yo.
|
|
|
Lame du Salut genyen yon Sèvis pou Dezas pwogram la kòmanse plis pase 100 lane de sa pou fè fas ak siklòn devastatè ki te frape Galveston, Texas jou 8 septanm 1900, e koulye a li tounen yon rezo pou tout peyi a ki entegre milye volontè ak pèsonèl ki fòme. Sizoka gen yon ijans nan tout peyi a tankou yon siklòn, volontè yo ta livre pwovizyon sekour ak ofri sipò pou moun ki bezwen yo. Volontè yo dwe gen 16 lane oswa plis. Nenpòt ki moun ki enterese fèt pou kontakte Kowòdinatè Arme du Salut a nan 954-712-2435 oswa pa imèl VolCoordBroward@uss.salvationarmy.org.
Fòm pou volontè yo
|
|
|
SKYWARN se yon rezo nasyonal volontè k ap obsève metewo a pou rapòte obsèvasyon metewo enpòtan ak domaj ki fèt akòz katastwòf natirèl ba Sèvis Nayonal Metewoloji. Answit, Sèvis Nasyonal Metewoloji voye anons ba piblik la nan televizyon, radyo, radyo maren, radyo metewolojik, ajans pwoteksyon piblik la ak lòt sous enfòmasyon. Depi lè Sèvis Nasyonal Metewolojik te kreye pwogram SKYWARN, te genyen gwo diminisyon nan kantite moun ki mouri akòz tònad ak lòt move tan. SKYWARN ofri klas fòmasyon gratis pou volontè ki enterese, tankou operatè radyo amatè, volontè Red Cross, ponpye, etidyan oswa nenpòt lòt moun ki enterese epi ki vle sèvi. Pou jwenn plis enfòmasyon, voye yon imèl n4hhp@comcast.net.
|
|
|
United Way of Broward County se yon òganizasyon ki pa pou fè pwofi ki fèt ak volontè e ki baze andedan kominote a; misyon li se pou amelyore lavi moun ak fanmi yo ki abite nan Konte Broward la. United Way of Broward County reyini tout resous donè, volontè ak ajans yo pou idantifye ak pou sible bezwen ki pi ijan kominote a genyen e pou kreye rezilta ki mezirab ki gen pi gwo enpak yo. Òganizasyon sa a mete ansanm moun k ap viv toupatou nan kominote a - moun ki nan gouvènman, biznis, sendika, gwoup relijye, òganizasyon ki pa fè pwofi, enstitisyon akademik ak rezidan - pou jwenn solisyon pou pwoblèm ki pi grav yo.
|
|
|
Volunteer Broward (Asosyayson pou volontè) founi yon pèspektiv santral pou devlopman, kwasans ak kowòdinasyon aktivite volontè yo ak sèvis andedan Konte Broward e li ankouraje patisipasyon tout moun ak tout sektè kominote a nan kad volontarya. Òganizasyon sa a konekte moun ki vle ede antan volontè pou fè ladiferans nan kominote a. Volunteer Broward oryante moun ak gwoup pou travay nan plis pase 600 òganizasyon ki pa pou fè pwofi nan Konte Broward. Nou toujou bezwen volontè, e gen plizyè milye opòtinite travay pou volontè. Rele nan 954-522-6761 oswa voye yon imèl ba contactus@volbrow.org pou kapab patisipe nan yon oryantasyon pou nouvo volontè.
Plis Opòtinite Pou Volontè nan Konte Broward |
|
|
|